Chant 81

Jezi, Ou ki renmen mwen

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Jezi, Ou ki renmen mwen, Kite mwen ale jwenn Ou; Tout lòt azil kapab ven, Lè lanmò menase nou. Kache mwen, o Sovè mwen, Pandan tout loraj lavi. Resevwa mwen a lafen Nan lapè ki pap fini.

Kouplè 2

Ou se sèl refij mwen gen, Nanm mwen pa gen lòt espwa Tanpri, pa bandone mwen, Sovè m, lè tout bagay nwa. Mwen vle konfye m nan ou sèl Mwen pa gen lòt sekou; Sèvi pou mwen kou yon zèl M a va byen lè m avèk Ou.

Kouplè 3

Mwen pa bezwen lòt bagay Pase Ou, bon Jezikri. Se ou menm ki te konn bay Lasante e menm lavi. Mwen menm, mwen pa vo anyen, Mwen genyen anpil peche, Se Ou sèl ki vrèman sen, Ou se gras e verite.

Kouplè 4

Genyen anpil gras nan ou Pi gran pase peche nou. Gras ou se yon bagay dou, Kite li travay an nou. Jezi, Ou se sous lavi, Ban m lespri Ou san mezi; Jayi nan mwen kou yon pwi; Se lavi ki p ap fini.

Retour aux chants