Kouplè 1
Jezi rele n nan tout moman Lavi nou ki kou tanpèt, Chak jou nou tande bèl vwa li, Li di: o kretyen, swiv mwen!
Kouplè 2
Lè apòt yo te konn tande l Bò lamè Galile a, Yo te kite kay ak zanmi, Tout bagay poutèt non li.
Kouplè 3
Jezi rele n pou nou kite Lemonn ak tout vanite, Tout zidòl avèk tout malis, Li di: kretyen, renmen m plis.
Kouplè 4
Nan lajwa ak nan gran tristès, Lè nou jennen ou alèz, Nenpòt lè, e nan nenpòt wout Li di m: renmen m an premye
Kouplè 5
Jezi rele n ! nan pitye ou, Sovè, fè n tande vwa ou; Ban nou kè ki obeyisan Pou sèvi, renmen toutan.
