Chant 69

Lè ou konnen bon Sovè mwen

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Lè ou konnen bon Sovè mwen Lè ou aksepte amou li, Kè ou va chante avèk jwa, Lè ou konnen Jezi.

Kè

Lè ou konnen l, (2 fwa) W a renmen l menm jan n renmen l tou; Kè ou va chante louwanj li, Lè ou konnen Jezikri.

Kouplè 2

Jwa li va rejwi ou chak jou, Limyè l va klere chemen ou, E pwomès li va dous pou ou, Lè ou konnen Jezi.

Kouplè 3

W a konprann mizerikòd li, W a toujou santi lapè li Lanmò p ap kapab fè ou pè, Lè ou konnen Jezi.

Kouplè 4

W a wè li kondwi nan bon wout, W a kite l kondwi ou chak jou, W a rakonte tout sa li fè, Lè ou konnen Jezi.

Retour aux chants