Kouplè 1
Mwen sonje byen ki jou li te delivre m, E mwen konnen mwen fini avèk peche, Paske mwen jwenn delivrans E kè mwen fin asire Mwen sove nan peche pou toujou.
Kè
Delivre! Delivre! Wi mwen sove nan peche pou toujou! (2 liy, 2 fwa)
Kouplè 2
Mwen sonje byen kijan kè m te boulvèse, E ki tristès te fè nanm mwen an dèy. Lè je mwen wè Jezikri, E kè mwen louvri ba li; Tout chenn mwen yo tonbe pou toujou.
Kouplè 3
Mwen sonje byen ke sa pa t fèt fasil, E mwen te reziste ak Jezi anpil, Li pa t vin pou kondane, E li pran pasyans avè m Jouk yon jou, m oblije wè limyè.
Kouplè 4
E se poutèt sa m ap chante pou Jezi, Mwen santim byen E nanm mwen gen yon frechè Mwen pa ka pe, fò m chante, Mwen vle mouri ap chante: Alelouya! M delivre pou toujou.
