Kouplè 1
Mennen mwen, o Bon Sovè ! Kondwi m nan chemen sali. Avèk ou m pa bezwen pè. Nan ou sèl mwen jwenn lavi.
Kè
Jezi, Jezi, pa kite m, o Bon Sovè. Fè m soti nan tantasyon. Senyè fè m gen laviktwa.
Kouplè 2
Jezi, pa kite m isi Sou tè sa ki plen doulè. San ou nan pwen lòt zanmi, Men nan ou mwen jwenn bonè.
Kouplè 3
Ou te leve m nan labou Kote k te plen mechanste. Wa fè m rive nan Syèl tou. Se laglwa ou m a chante.
