Kouplè 1
Pran lavi m, Senyè Jezi, Mwen vle konsakre l ba ou. Pran chak è e pran chak jou, Tout tan mwen vle louwe ou. (2 fwa)
Kouplè 2
Pran men mwen yo, Jezikri, E sèvi ak yo, tanpri. Pran pye mwen yo tou, Senyè, Pou kouri pou ou tout è. (2 fwa)
Kouplè 3
Pran vwa mwen, e kite mwen Chante pou ou, ki Wa mwen. Pran lèv mwen yo, ranpli yo Ak mo ki soti anwo. (2 fwa)
Kouplè 4
Pran lò mwen ak lajan m tou, Tou sa m genyen se pou ou. Pran lespri m ak tout fòs mwen, Sèvi ak yo jouk lafen. (2 fwa)
Kouplè 5
Pran volonte pa m Senyè; Sa ou vle, se sa m a fè. Pran kè mwen, li pou ou tou, Li va sèvi lakay ou. (2 fwa)
Kouplè 6
Pran lanmou mwen, Senyè mwen, Fè l pou ou yon bagay sen. Pran mwen menm, m vle viv toujou Ak tout fòs sèlman pou ou. (2 fwa)
