Chant 26

Bondye te montre m amou l

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Bondye te montre m amou l Depi twòn li nan syèl la; Mwen te jwenn yon plas repo Anba zèl amou li a.

Kè

M ape poze, poze, Poze dousman anba zèl amou l, M ape poze… Poze anba zèl amou li a (kè; pou tenò) M ape poze, dousman poze Anba zèl amou li a, Poze anba zèl amou li a. (2 fwa)

Kouplè 2

Lè eprèv lavi frape m, Lè syèl la parèt tou nwa Mwen ka toujou jwenn repo Anba zèl amou li a

Kouplè 3

A! si ou pa t janm beni Avèk lapè nan kè ou, Gen yon plas repo pou ou Anba zèl amou li a.

Retour aux chants