Chant 27

Senyè Bondye ki papa nou

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Senyè Bondye ki papa nou Ki renmen tout moun tou, Padone nou pou peche nou, Chanje lavi nou nèt ale Fè nou pi sanble ou.

Kouplè 2

Ede nou montre yon lafwa, Kon moun yo ak lajwa, Ki nan Galile te swiv vwa Jezi, lè l ofri yo yon chwa: Lafwa oubyen lalwa.

Kouplè 3

Lage sou nou yon lawouze, Gras Bondye pou kalme Nanm tout moun sa yo ki twouble; E ba yo tout trankilite, Ak bon jan kè poze.

Kouplè 4

Wete nan nou move dezi, Ki pa fè ou plezi, Ban nou frechè nou ka santi Nan kè nou, e pale ak nou Ak vwa Sentespri a.

Retour aux chants