Chant 24

Jezi se tout bagay pou mwen

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Jezi se tout bagay pou mwen Lapè, lajwa, lavi; Se li ki fòs mwen toulejou, Mwen ta tonbe san li Lè m santi m tris, se li m chèche; Si l pa te la, sa mwen ta fè? Lè m santi m tris, li fè mwen ge Li renmen m.

Kouplè 2

Jezi se tout bagay pou mwen, Nan tout eprèv chak jou. M ale kote li pou byenfè, E li ban mwen yo toujou. Li voye solèy ak lapli, Li ban nou rekòt avèk fwi; Solèy, lapli, rekòt ak fwi Li renmen m.

Kouplè 3

Jezi se tout bagay pou mwen; Mwen va rete fidèl; Li tèlman fidèl anvè mwen, Mwen pa kapab nye l. Lè m ap suiv li, mwen pa pèdi; Li veye mwen jou avèk nuit; Fòk mwen suiv li jou avèk nuit; Li renmen m.

Kouplè 4

Jezi se tout bagay pou mwen; Pa gen pi bon zanmi; M a mete pou letènite Tout konfyans mwen nan li. Lè li renmen m, se bèl lavi; Li bèl, li p ape janm fini; Vi etènèl! Jwa etènèl! Li renmen m.

Retour aux chants