Chant 142

Syèl la si bèl, o Etènèl

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Syèl la si bèl, o Etènèl, Li pale nou sou laglwa ou, Men gen yon bagay ki pi bèl: Se lè je nou wè Pawòl ou.

Kouplè 2

Bèl solèy la ki bay limyè, Pèmèt nou wè gran pisans ou, Men nan Bib la, liv mèveye, Nou jwenn jistis ak lagras ou.

Kouplè 3

Solèy, lalin, bèl zetwal tou, Klere latè, lemonn antye. Se konsa tou, verite ou, Se pou tout moun sou latè.

Kouplè 4

Levanjil la, mesaj lagras, P ap janm kanpe, jouk lè tout moun Vin jwenn ak Jezi fasafas Li mouri pou l pa pèdi youn.

Kouplè 5

Bon Jezikri, limyè lemonn, Klere tout moun ak limyè ou. Levanjil sajès pou tout moun, Menm sa k rebèl, menm sa ki dou!

Kouplè 6

Ala bèl bagay ou fè n wè, Se lè lavi yon moun chanje. Senyè, chanje m, ban m yon bon kè. Nan Pawòl ou, ban kè poze.

Retour aux chants