Chant 141

Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m Anyen nan lemonn deprave sa a, Mwen te renonse ak plezi lachè m, Jezi pou mwen, pa gen baryè la.

Kè

Nanpwen anyen ant nanm mwen e Sovè m, Pou anpeche m wè li fasafas; Anyen pou detounen favè li anvè m, Wete tout bòn! Pa gen baryè la.

Kouplè 2

Nanpwen plezi monn sa a ant mwen ak Kris Kounye a vis pa atire mwen Yo pa ka separe m ak Sovè mwen Jezi pou mwen, nanpwen baryè la.

Kouplè 3

Malgre m a gen eprèv ki di petèt, Malgre lemonn meprize lakwa; M ap tann nan priyè jouk Senyè m parèt, Se va triyonf, nanpwen baryè la.

Retour aux chants