Chant 14

Mwen vle mil lang pou m chante byen

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Mwen vle mil lang pou m chante byen, Louwanj Redanmtè mwen; Tout glwa, se pou Bondye, Wa mwen Gras li gen tout viktwa.

Kouplè 2

Mèt mwen, e Bondye mwen, ede m, Pou m anonse patou, Pou m pwoklame sou tout latè Konesans non Jezi.

Kouplè 3

Jezi, non w chase laperèz Li chase tristès nou. Jezi, non ou se bèl mizik, Lavi ak sante tou.

Kouplè 4

Li kraze pisans vye peche, Prizonye yo lage, San li netwaye peche yo San li netwaye mwen

Kouplè 5

Nou menm, tout pèp, gade Bondye, Se li ki sove nou. Lafwa nan Jezi, lafwa sèl; Gras li padone nou.

Kouplè 6

Bondye te renmen tout pechè, Li renmen nou, se vre! Pou moun toupatou sou latè Pitit li te mouri.

Retour aux chants