Chant 13

Lè n ap mache ak Kris, nan limyè pawòl li

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Lè n ap mache ak Kris, nan limyè pawòl li Ki bèl glwa li voye sou wout nou! Lè n ap fè volonte l, li rete kote nou, Avèk tout moun ki obeyi, kwè.

Kè

"Obeyi, kwè", se tout sa pou ou fè, Pou ou kontan nan Jezi, Se pou w obeyi kwè.

Kouplè 2

Lonbraj kapab parèt, ka gen nyaj nan syèl la Souri Jezi fè tout disparèt; Okenn dout, okenn krent ni soupi ni kriye P ap rete lè nou obeyi, kwè.

Kouplè 3

Nou p ap pote yon chay pou yon lòt k ap soufri San Jezi pa beni nou pou sa. Nou p ap sibi yon pèd, nou p ap pote yon kwa San n pa beni, si n obeyi, kwè.

Kouplè 4

Men nou pa ka konnen tout mèvèy amou li Avan nou konsakre tout bagay; Paske byenfè li yo ak lajwa li ban nou, Se pou moun ki vle obeyi, kwè.

Kouplè 5

Konsa nan prezans li, n a chita nan pye li Oubyen n a mache nan wout avè l. Sa li di, nou va fè; nou pral kote li vle San pè anyen, n a obeyi kwè.

Retour aux chants