Kouplè 1
Amou Kris chante pou tout moun tande Preche nouvèl sa nan tout kote; Bondye a te voye sèl Pitit li, Pou sa ki kwè nan li ka sove.
Kè
Amou li mèvèye pou mwen, Amou li mèvèye pou mwen, Jezi te si renmen m jis li te mouri menm; Amou li mèvèye pou mwen.
Kouplè 2
Amou Bondye revele nan Jezi Lè li te pre lanmè Galile, Li te peye fot mwen sou bwa Kalvè, Malgre li pa te janm fè peche.
Kouplè 3
Amou Kris ki soulaje tout tristès, Amou Kris se pwoteksyon nanm mwen, Pran lavi m kenbe tout sa mwen genyen, Men mwen, Jezi, se ou mwen renmen.
