Kouplè 1
Annou chante ak tout kè, Glwa pou Bondye, kreyatè.
Kè
Bonte li se pou toujou; Li fidèl, li plen lanmou.
Kouplè 2
Annou anonse non li, Wi, se li sèl Bondye.
Kouplè 3
Se li ki fè solèy la Pou bay tout moun bèl limyè.
Kouplè 4
Bèt ak moun konte sou li, E li ba yo tout manje.
Kouplè 5
Li beni pèp li chwazi Nan dezè bò Sinayi.
Kouplè 6
Li genyen pitye pou nou, Nan mizè ak feblès tou.
Kouplè 7
Annou chante ak tout kè: Glwa pou Bondye, kreyatè.
