Kouplè 1
Senyè kondwi mwen chak jou Kote ou vle pou m ale; Fè m konnen volonte ou, Montre mwen sa m gen pou fè.
Kouplè 2
Ban mwen kouraj nan danje, Montre m chache sekou ou, Fè m konn ou kapab sove, Kenbe mwen nan lanmou ou.
Kouplè 3
Lè mwen tante pou fè le mal, Fè mwen rete fò e fèm, E lè mwen kanpe tousèl, Avèk men ou pwoteje m.
Kouplè 4
Lè kè mwen ranpli ak jwa, Ede mwen pou sonje ou. Sa ki fè mwen pi kontan Se lanmou ou gen pou mwen.
Kouplè 5
Lè travay mwen sanble di Ede m gen pèseverans. Nan soufrans, nan maladi Ban m kouraj ak pasyans.
Kouplè 6
Ede m fè tout sa ki bon, Kòm pitit ou sou latè. Lè lavi mwen va fini, Kite m al nan Syèl ak ou.
