Kouplè 1
Souvan m mache tris nan lavi m, Chaje ak fado mwen; Men yon moun vini sekouri m, Mwen twouve Bondye la.
Kè
Bondye la pou tande mwen, Pou pran fado m ak tèt chaje m, Li pataje chaj la avè m, Bondye la, wi, Bondye la.
Kouplè 2
Lè tout baryè ak pòt fèmen, Nanpwen wout pou pase; Lè tout espwa pèdi pou mwen, Mwen twouve Bondye la.
Kouplè 3
Malgre m genyen anpil pwoblèm, Ak chaj pou mwen pote; Mwen gen konfyans gras li avè m, Mwen konnen Bondye la.
Kè
Bondye la pou fè m kontan, Pou chase tout krent nan kè mwen; Lè m tande vwa l mwen pa pantan, Bondye la, wi, Bondye la.
