Chant 126

Depi tan lontan Bondye

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Depi tan lontan Bondye Te pwomèt nou Jezikri. Jou Nwèl, yon jou laglwa, Li te vin bay tout moun jwa.

Kè

Men, bèl jou sa a rive, Jou nou wè Jezi vini. Chante toupatou sou tè. Jezi fèt nan Bètleyèm!

Kouplè 2

Bèje, di nou li, tanpri, Ki nouvèl nou gen pou nou? Pouki nou vini isit, Kite twoupo yo nan mòn?

Kouplè 3

Lè nou veye nan lannwit, Men! Nou wè yon bèl limyè! Zanj yo vini chante, ap di: Sovè a vin sou tè.

Kouplè 4

O Jezi, ki lanmou sa a Te fè ou vini desann, Kite Syèl la, lakay ou, Pou rete pami lèzòm?

Kouplè 5

Senyè Jezi, fè nou wè Yon si bèl dousè nan ou, Kè nou gen yon gwo dezi Pou sanble ou plis chak jou.

Retour aux chants