Chant 123

Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an

Chant d'Esperance · Créole

Kouplè 1

Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an, Li te avèg, li pa te kapab wè; Rad li chire, li tranble nan lonbraj la, Jezi vini, tenèb li vin limyè.

Kè

Lè Kris vini, pwisans satan fin brize; Lè Kris vini, dlo nan je yo siye. Li pran tristès, Lavi nou plen ak lajwa; Nou vin chanje lè Kris vini rete.

Kouplè 2

Move lespri te chase l lwen lakay li, Pami tonm yo, l te rete nan mizè. Li koupe kò l lè demon yo anpare l, Jezi vini e lage li menm lè.

Kouplè 3

Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman, Soud e bebe, yo pa t ba l èd ditou, Lafyèv nan zo l, maladi fin kaba yo; Jezi vini, li wete tout freyè.

Kouplè 4

Kè yo te tris lè yo mete l nan tonm lan, Paske lanmò te wete tout espwa; Yo te an dèy e je yo te tou plen dlo, Jezi vini, penn yo chanje an jwa

Kouplè 5

Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs; Yo pa t kapab venk pasyon ak peche, Kè yo brize, kite yo tris e tousèl, Jezi vini, li vini pou rete.

Retour aux chants