Kouplè 1
Ann chante louwanj Bondye Papa nou Nan yon bèl kantik damou.
Kè
Paske bonte li dire, Toujou fidèl, toujou vre.
Kouplè 2
Se li ki fè yon si bèl solèy, Lalin, zetwal, tout mèvèy.
Kouplè 3
Li voye la wouze ak lapli Pou grenn jèmen, plant grandi.
Kouplè 4
Li kòmande tout jaden fètil, Pou fè rekòt yo anpil.
Kouplè 5
Remèsye li pou viv tè ak fwi Tout danre li fè vini.
Kouplè 6
Remèsye li pou tout zannimo, Pwason nan dlo, tout zwazo.
Kouplè 7
Gras a li, lavi n pa an danje, Li louvri men l, nou manje.
Kouplè 8
Men li ban nou manje ki pi bèl, Jezi, pen ki sot nan syèl.
Kouplè 9
Ann chante louwanj bon papa sa a, Tout moun chante ak tout vwa. Dènye kè Papa, Pitit e Sentespri Glwa non ou pa p janm fini
