Kouplè 1
Lè Jezi mouri sou Kalvè, Lè Kris mouri se te pou mwen. Mwen mande m èske m a konnen Konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe?
Kè
Konbyen mwen dwe, lanmou san fen? Konbyen mwen dwe, si Kris pou mwen? Mwen konnen sa li fè pou mwen; Mwen pa ka di konbyen mwen dwe.
Kouplè 2
Sovè mwen nan Jetsemani, Te pase pi gran agoni. Se pou mwen soufrans sa a te ye, Kòman pou m di konbyen mwen dwe?
Kouplè 3
Se te lanmou li gen pou mwen Ki fè l soufri yon mò wonte. Lè tout san kò li te koule, Li sove mwen, konbyen mwen dwe !
Kouplè 4
Lè m a rive nan Syèl la tou, Rete avèk li pou toujou, Mwen mèt pale dimil ane; Mwen p ap fin di konbyen mwen dwe.
