Kouplè 1
Mwen vle rakonte toupatou Kòman Jezi renmen mwen; Sou latè li vini yon jou Pou li bay vi li pou mwen.
Kè
Se yon bèl istwa n ap rakonte, Jezikri mouri pou nou. Annou chante, annou adore Yon Wa ki si renmen nou!
Kouplè 2
Mwen te pèdi, li sove mwen, Li te wè jan m t ap soufri; Ak bra li, li antoure mwen, Li pran mwen sou zepòl li.
Kouplè 3
A! Byen souvan mwen akable, Lavi a bat kouraj mwen; Men mwen pa pè, Jezi tou pre Pou rekonfòte nanm mwen.
Kouplè 4
Toujou Jezi se Sovè mwen, E kan lè a va rive Pou m ale wè Redanmtè mwen, Se avèk jwa mwen prale.
