Rit 3
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kèk tan apre sa, Naomi di Rit konsa: -Pa pito m' chache yon mari pou ou, pou ou ka viv ak kè poze lakay ou? 2 Ou chonje Bòz, pa vre? Mèt jaden kote ou te ye ansanm ak medam yo? Bon! Ou chonje mwen te di ou se yon fanmi pre nou li ye! Bon. Koute! Aswè a, yo pral vannen lòj yo fin bat yo. 3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan. 4 Lè sa a, w'a gade byen kote li al kouche. Lè w'a wè dòmi pran l', ou va ale, w'a leve pwent dra ki kouvri pye l' yo, epi w'a kouche kouche ou la, bò kote l'. Li menm l'a di ou sa pou ou fè apre sa. 5 Rit reponn li: -M'a fè tou sa ou di m' fè. 6 Se konsa Rit leve vre, li ale bò glasi a, li fè sa bèlmè li te di l' fè a. 7 Lè Bòz fin manje, lè li fin bwè diven, kè l' te kontan. Li al kouche bò yon pil pay lòj, epi dòmi pote l' ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye l' yo, epi li kouche la bò kote l'. 8 Nan mitan lannwit, Bòz pantan nan dòmi an. Li leve, li panche, li tou sezi wè yon fanm ki te kouche nan pye l'. 9 Li mande: -Ki moun sa? Rit reponn li: -Se mwen menm, Rit. Ou se yon fanmi pre nou. Se ou ki reskonsab pou pran swen mwen. Mwen vin jwenn ou. 10 Bòz di l' konsa: -benediksyon Seyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa soti pou ou lage fanmi an. Ou ta gen dwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l'. 11 Ou pa bezwen bat kò ou, tande. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou ou a. Tout moun konnen ou se yon fanm total. 12 Se vre sa ou di a. Mwen se yon fanmi pre nou. Mwen reskonsab ou. Men, gen yon nonm ki fanmi ou pi pre pase m'. 13 Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben, mwen fè sèman devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran l' mwen menm. Koulye a, rete kouche la jouk denmen maten. 14 Se konsa Rit kouche la nan pye l'. Men, anvan bajou kase, li leve pou moun pa wè l', paske Bòz pa t' vle pesonn konnen li te la. 15 Bòz di l' konsa: -Wete dra ki vlope ou la, louvri l' atè a. Rit louvri dra a atè. Bòz vide dis mamit lòj konsa ladan l'. Li mare l', epi li ede l' mete l' sou tèt li. Apre sa, Rit tounen lavil ak pakèt la. 16 Lè li rive lakay li, bèlmè a mande l': -Enben, mafi! Ki jan sa pase? Rit tanmen rakonte l' tou sa Bòz fè pou li. 17 Epi li di: -Anvan m' ale, li di m' konsa ou pa ka tounen san anyen. Se konsa, li ban m' dis mamit lòj sa yo. 18 Naomi di l': -Koulye a, Rit mafi, poze kò ou tann pou ou wè jan sa pral pase. Bòz p'ap bay kò l' kanpo jòdi a, tout tan li pa regle zafè sa a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Rit 3:2
Ru 3:1-13. By Naomi's Instructions, Ruth Lies at Boaz's Feet, Who Acknowledges the Duty of a Kinsman.
2. he winnoweth barley to-night in the threshing-floor--The winnowing process is performed by throwing up the grain, after being trodden down, against the wind with a shovel. The threshing-floor, which was commonly on the harvest-field, was carefully leveled with a large cylindric roller and consolidated with chalk, that weeds might not spring up, and that it might not chop with drought. The farmer usually remained all night in harvest-time on the threshing-floor, not only for the protection of his valuable grain, but for the winnowing. That operation was performed in the evening to catch the breezes which blow after the close of a hot day, and which continue for the most part of the night. This duty at so important a season the master undertakes himself; and, accordingly, in the simplicity of ancient manners, Boaz, a person of considerable wealth and high rank, laid himself down to sleep on the barn floor, at the end of the heap of barley he had been winnowing.
Rit 3:4
4. go in, and uncover his feet and lay thee down--Singular as these directions may appear to us, there was no impropriety in them, according to the simplicity of rural manners in Beth-lehem. In ordinary circumstances these would have seemed indecorous to the world; but in the case of Ruth, it was a method, doubtless conformable to prevailing usage, of reminding Boaz of the duty which devolved on him as the kinsman of her deceased husband. Boaz probably slept upon a mat or skin; Ruth lay crosswise at his feet--a position in which Eastern servants frequently sleep in the same chamber or tent with their master; and if they want a covering, custom allows them that benefit from part of the covering on their master's bed. Resting, as the Orientals do at night, in the same clothes they wear during the day, there was no indelicacy in a stranger, or even a woman, putting the extremity of this cover over her.
Rit 3:9
9. I am Ruth thine handmaid: spread therefore thy skirt over thine handmaid; for thou art a near kinsman--She had already drawn part of the mantle over her; and she asked him now to do it, that the act might become his own. To spread a skirt over one is, in the East, a symbolical action denoting protection. To this day in many parts of the East, to say of anyone that he put his skirt over a woman, is synonymous with saying that he married her; and at all the marriages of the modern Jews and Hindus, one part of the ceremony is for the bridegroom to put a silken or cotton cloak around his bride.
Rit 3:15
15. Bring the veil that thou hast upon thee, and hold it--Eastern veils are large sheets--those of ladies being of red silk; but the poorer or common class of women wear them of blue, or blue and white striped linen or cotton. They are wrapped round the head, so as to conceal the whole face except one eye.
Rit 3:17
17. six measures of barley--Hebrew, "six seahs," a seah contained about two gallons and a half, six of which must have been rather a heavy load for a woman.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
