Rit 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t'ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l' yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab. 2 Nonm lan te rele Elimelèk, madanm li te rele Naomi. De pitit gason l' yo te rele Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat la yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo t'ap viv nan peyi Moab la, 3 Elimelèk mouri, li kite Naomi pou kò l' ak de pitit gason li yo. 4 De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Moab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t'ap mache sou dizan depi yo t'ap viv nan peyi a, 5 lè Maklon ak Kiljon tonbe, yo mouri tou. Se konsa Naomi twouve vin pou kont li: li te pèdi ni mari l' ni pitit gason l' yo. 6 Antan Naomi te peyi Moab toujou, li vin pran nouvèl jan Seyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l' pou l' kite peyi Moab ansanm ak de bèlfi li yo. 7 Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y' al nan peyi Jida. 8 Men, antan yo sou wout, Naomi di bèlfi li yo konsa: -Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Seyè a pou l' aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m' ansanm ak defen yo. 9 Mwen mande l' pou l' fè nou chak jwenn yon moun remarye ak nou pou nou ka viv ak kè poze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo li ale. Men, de medam yo pete rele. 10 Yo di l' konsa: -Non! Nou prale avè ou nan peyi ou. 11 Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m'? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou? 12 Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m' marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m' ta fè pitit gason ankò, 13 èske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m' yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m' mal anpil pou nou. Men Seyè a fè m' twòp lapenn deja. 14 Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'. 15 Naomi di l' konsa: -Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen li al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l' non! 16 Men, Rit reponn: -Pa fòse m' kite ou! Tanpri, kite m' ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m'. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. 17 Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. 18 Lè Naomi wè Rit te soti vre pou ale avè l', li pa di l' anyen ankò. 19 Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: -Ou kwè se Naomi sa? 20 reponn yo: -Tanpri, pa rele m' Naomi. Pito nou rele m' Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m' soufri anpil. 21 Lè m' te pati isit la, mwen te gen tou sa m' te bezwen. Men jòdi a, Seyè a mennen m' tounen de men m' de pye m'. Poukisa pou n'ap rele m' Naomi toujou lè Seyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen? 22 Se konsa Naomi tounen soti nan peyi Moab ansanm ak bèlfi li, Rit, moun peyi Moab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt grenn lòj te fèk konmanse.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Rit 1:1

THE BOOK OF RUTH.

Commentary by Robert Jamieson

Ru 1:1-5. Elimelech, Driven by Famine into Moab, Dies There.

1. in the days when the judges ruled--The beautiful and interesting story which this book relates belongs to the early times of the judges. The precise date cannot be ascertained.

Rit 1:2

2. Elimelech--signifies "My God is king."

Naomi--"fair or pleasant"; and their two sons, Mahlon and Chilion, are supposed to be the same as Joash and Saraph (1Ch 4:22).

Ephrathites--The ancient name of Beth-lehem was Ephrath (Ge 35:19; 48:7), which was continued after the occupation of the land by the Hebrews, even down to the time of the prophet Micah (Mi 5:2).

Beth-lehem-judah--so called to distinguish it from a town of the same name in Zebulun. The family, compelled to emigrate to Moab through pressure of a famine, settled for several years in that country. After the death of their father, the two sons married Moabite women. This was a violation of the Mosaic law (De 7:3; 23:3; Ezr 9:2; Ne 13:23); and Jewish writers say that the early deaths of both the young men were divine judgments inflicted on them for those unlawful connections.

Rit 1:6-7

Ru 1:6-18. Naomi Returning Home, Ruth Accompanies Her.

6-7. Then she arose with her daughters-in-law, that she might return from the country of Moab--The aged widow, longing to enjoy the privileges of Israel, resolved to return to her native land as soon as she was assured that the famine had ceased, and made the necessary arrangements with her daughters-in-law.

Rit 1:8

8. Naomi said unto her two daughters-in-law, Go, return each to her mother's house--In Eastern countries women occupy apartments separate from those of men, and daughters are most frequently in those of their mother.

the Lord deal kindly with you, as ye have dealt with the dead--that is, with my sons, your husbands, while they lived.

Rit 1:9

9. The Lord grant you that ye may find rest--enjoy a life of tranquillity, undisturbed by the cares, incumbrances, and vexatious troubles to which a state of widowhood is peculiarly exposed.

Then she kissed them--the Oriental manner when friends are parting.

Rit 1:11

11. are there yet any more sons in my womb, that they may be your husbands?--This alludes to the ancient custom (Ge 38:26) afterwards expressly sanctioned by the law of Moses (De 25:5), which required a younger son to marry the widow of his deceased brother.

Rit 1:12-13

12-13. Turn again, my daughters, go your way--That Naomi should dissuade her daughters-in-law so strongly from accompanying her to the land of Israel may appear strange. But it was the wisest and most prudent course for her to adopt: first, because they might be influenced by hopes which could not be realized; second, because they might be led, under temporary excitement, to take a step they might afterwards regret; and, third, because the sincerity and strength of their conversion to the true religion, which she had taught them, would be thoroughly tested.

Rit 1:19-22

Ru 1:19-22. They Come to Beth-lehem.

19-22. all the city was moved about them--The present condition of Naomi, a forlorn and desolate widow, presented so painful a contrast to the flourishing state of prosperity and domestic bliss in which she had been at her departure.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.