Sòm 92
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (092:1) Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. (092:2) Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. 2 (092:3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 3 (092:4) Avèk mizik yo jwe sou enstriman akòd yo, avèk mizik yo jwe sou gita, sa bon nèt pou nou fè lwanj ou. 4 (092:5) Paske, Seyè, ou fè kè m' kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m' wè tou sa w'ap fè. 5 (092:6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Seyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou! 6 (092:7) Se bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann. 7 (092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt. 8 (092:9) Men ou menm, Seyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan. 9 (092:10) Paske, Seyè, lènmi ou yo pral mouri. Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo. 10 (092:11) Ou fè m' gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m' kontan. 11 (092:12) Mwen wè ak je m' jan lènmi m' yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m' yo ap rele. 12 (092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. 13 (092:14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Seyè a, y'ap pouse bèl branch nan tanp Bondye nou an. 14 (092:15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. 15 (092:16) Sa fè nou wè jan Seyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 92:1
PSALM 92
Psa 92:1-15. A Psalm-song--(see on Psa 30:1, title). The theme: God should be praised for His righteous judgments on the wicked and His care and defense of His people. Such a topic, at all times proper, is specially so for the reflections of the Sabbath day.
1. sing ... name--celebrate Thy perfections.
Sòm 92:2
Sòm 92:3
3. In such a work all proper aid must be used.
with a ... sound--or, on Higgaion (see on Psa 9:16), perhaps an instrument of that name, from its sound resembling the muttered sound of meditation, as expressed also by the word. This is joined with the harp.
Sòm 92:4
Sòm 92:5
Sòm 92:6
6. A brutish man knoweth not--that is, God's works, so the Psalmist describes himself (Psa 73:22) when amazed by the prosperity of the wicked, now understood and explained.
Sòm 92:8
Sòm 92:9-10
9-10. A further contrast with the wicked, in the lot of the righteous, safety and triumph.
Sòm 92:11
Sòm 92:12-14
12-14. The vigorous growth, longevity, utility, fragrance, and beauty of these noble trees, set forth the life, character, and destiny of the pious;
Sòm 92:15
15. and they thus declare God's glory as their strong and righteous ruler.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
