Sòm 90
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lapriyè Moyiz, sèvitè Bondye a. Seyè, ou te toujou yon pwoteksyon pou nou depi sou tan zansèt nou yo jouk koulye a. 2 Anvan menm ou te kreye mòn yo, anvan ou te fè latè ak tout sa ki ladan l', depi tout tan ak pou tout tan se Bondye ou ye. 3 Ou di moun se pou yo tounen sa yo te ye. Ou fè yo tounen pousyè ankò. 4 Milan (01.000 an) pa anyen pou ou, se tankou yon jou. Se tankou jounen ayè ki fin pase a, se tankou yon ti kadè nan mitan lannwit. 5 Ou fè yo pase tankou yon rèv, tankou pye zèb ki leve yon jou maten. 6 Li grandi, li fleri, nan aswè li fennen, li cheche. 7 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase. 8 Ou mete devan je ou tou sa nou fè ki mal, ou mete peche nou fè an kachèt yo aklè devan ou. 9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini. 10 Dènye bout nou se swasanndizan. Si nou gen bon sante, n'a wè katreventan. Men, avantaj nou jwenn nan tou sa se sèlman tray ak mizè. Talè konsa nou fin viv, n' al fè wout nou. 11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move? 12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay. 13 Seyè, kilè w'a tounen? Gen pitye pou sèvitè ou yo. 14 Chak maten, voye benediksyon ou sou nou! Konsa, n'a chante, n'a toujou gen kè kontan. 15 Koulye a fè kè nou kontan pou menm kantite jou ou te ban nou lapenn, pou menm kantite lanne nou pase nan mizè. 16 Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. 17 Seyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 90:1
PSALM 90
Psa 90:1-17. Contrasting man's frailty with God's eternity, the writer mourns over it as the punishment of sin, and prays for a return of the divine favor. A Prayer [mainly such] of Moses the man of God--(De 33:1; Jos 14:6); as such he wrote this (see on Psa 18:1, title, and Psa 36:1, title).
1. dwelling-place--home (compare Eze 11:16), as a refuge (De 33:27).
Sòm 90:2
2. brought forth [and] formed--both express the idea of production by birth.
Sòm 90:3
3. to destruction--literally, "even to dust" (Ge 3:19), which is partly quoted in the last clause.
Sòm 90:4
Sòm 90:5-6
5-6. Life is like grass, which, though changing under the influence of the night's dew, and flourishing in the morning, is soon cut down and withereth (Psa 103:15; 1Pe 1:24).
Sòm 90:7-8
Sòm 90:9
Sòm 90:10
Sòm 90:11
11. The whole verse may be read as a question implying the negative, "No one knows what Thy anger can do, and what Thy wrath is, estimated by a true piety."
Sòm 90:12
12. This he prays we may know or understand, so as properly to number or appreciate the shortness of our days, that we may be wise.
Sòm 90:13
Sòm 90:14
14. early--promptly.
Sòm 90:15
15. As have been our sorrows, so let our joys be great and long.
Sòm 90:16
Sòm 90:17
17. let the beauty--or sum of His gracious acts, in their harmony, be illustrated in us, and favor our enterprise.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
