Sòm 89
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (089:1) Chante Etan, moun peyi Ezra. (089:2) Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou. 2 (089:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou. 3 (089:4) Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an: 4 (089:5) W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan. 5 (089:6) Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou. 6 (089:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou! 7 (089:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou. 8 (089:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè! 9 (089:10) Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman. 10 (089:11) Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo. 11 (089:12) Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'. 12 (089:13) Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan. 13 (089:14) Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn. 14 (089:15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo. 15 (089:16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi! 16 (089:17) Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè. 17 (089:18) Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. 18 (089:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou. 19 (089:20) Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf. 20 (089:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou. 21 (089:22) M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen. 22 (089:23) Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li. 23 (089:24) M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo. 24 (089:25) M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay. 25 (089:26) M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat. 26 (089:27) L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen. 27 (089:28) Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè. 28 (089:29) M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a. 29 (089:30) M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan. 30 (089:31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, 31 (089:32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè, 32 (089:33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal. 33 (089:34) Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la. 34 (089:35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl. 35 (089:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti. 36 (089:37) Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la. 37 (089:38) Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la. 38 (089:39) Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete. 39 (089:40) Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou. 40 (089:41) Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt. 41 (089:42) Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib. 42 (089:43) Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan. 43 (089:44) Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè. 44 (089:45) Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè. 45 (089:46) Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt. 46 (089:47) Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife? 47 (089:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè. 48 (089:49) Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè? 49 (089:50) Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo? 50 (089:51) Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen! 51 (089:52) Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase. 52 (089:53) Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 89:1
PSALM 89
Psa 89:1-52. Of Ethan--(See on Psa 88:1, title). This Psalm was composed during some season of great national distress, perhaps Absalom's rebellion. It contrasts the promised prosperity and perpetuity of David's throne (with reference to the great promise of 2Sa 7:12-17), with a time when God appeared to have forgotten His covenant. The picture thus drawn may typify the promises and the adversities of Christ's kingdom, and the terms of confiding appeal to God provided appropriate prayers for the divine aid and promised blessing.
1. mercies--those promised (Is 55:3; Ac 13:34), and--
faithfulness--that is, in fulfilling them.
Sòm 89:2
2. I have said--expressed, as well as felt, my convictions (2Co 4:13).
Sòm 89:3-4
3-4. The object of this faith expressed in God's words (2Sa 7:11-16).
with--or literally, "to"
my chosen--as the covenant is in the form of a promise.
Sòm 89:6-7
Sòm 89:8-14
8-14. To illustrate His power and faithfulness examples are cited from history. His control of the sea (the most mighty and unstable object in nature), and of Egypt (Psa 87:4), the first great foe of Israel (subjected to utter helplessness from pride and insolence), are specimens. At the same time, the whole frame of nature founded and sustained by Him, Tabor and Hermon for "east and west," and "north and south," together representing the whole world, declare the same truth as to His attributes.
Sòm 89:15
15. His government of righteousness is served by "mercy" and "truth" as ministers (Psa 85:10-13).
know the joyful sound--understand and appreciate the spiritual blessings symbolized by the feasts to which the people were called by the trumpet (Le 25:9, &c.).
Sòm 89:16-17
Sòm 89:18
18. (Margin). Thus is introduced the promise to "our shield," "our king," David.
Sòm 89:19-37
19-37. Then--when the covenant was established, of whose execution the exalted views of God now given furnish assurance.
thou ... to thy holy one--or godly saint, object of favor (Psa 4:3). Nathan is meant (2Sa 7:17; 1Ch 17:3-15).
laid help--literally, "given help." David was chosen and then exalted.
Sòm 89:38-52
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
