Sòm 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 (09:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (09:2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. 2 (09:3) Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou. 3 (09:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri. 4 (09:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen. 5 (09:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan. 6 (09:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò. 7 (09:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis. 8 (09:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri. 9 (09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. 10 (09:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou. 11 (09:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè. 12 (09:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal. 13 (09:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè, 14 (09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'. 15 (09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. 16 (09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo. 17 (09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. 18 (09:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. 19 (09:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. 20 (09:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 9:1
PSALM 9
Psa 9:1-20. Upon Muthlabben, or, after the manner according to "death to the Son," by which some song was known, to whose air or melody the musician is directed to perform this Psalm. This mode of denoting a song by some prominent word or words is still common (compare Psa 22:1). The Psalmist praises God for deliverance from his enemies and celebrates the divine government, for providing security to God's people and punishment to the wicked. Thus encouraging himself, he prays for new occasions to recount God's mercies, and confident of His continued judgment on the wicked and vindication of the oppressed, he implores a prompt and efficient manifestation of the divine sovereignty.
1. Heartfelt gratitude will find utterance.
Sòm 9:3-5
Sòm 9:6
Sòm 9:7-8
7-8. God's eternal possession of a throne of justice is contrasted with the ruin of the wicked.
Sòm 9:9-10
Sòm 9:11
Sòm 9:12
Sòm 9:13
13. gates--or, "regions."
of death--Gates being the entrance is put for the bounds.
Sòm 9:14
Sòm 9:15-16
15-16. The undesigned results of the devices of the wicked prove them to be of God's overruling or ordering, especially when those results are destructive to the wicked themselves.
Sòm 9:17
17. shall be turned--or, "shall turn," retreating under God's vengeance, and driven by Him to the extreme of destruction, even hell itself. Those who forget God are classed with the depraved and openly profane.
Sòm 9:18
18. (Compare Psa 13:1-6).
the needy--literally, "poor," as deprived of anything; hence miserable.
expectation of the poor--or, "meek," "humble," made so by affliction.
Sòm 9:19
Sòm 9:20
20. By their effectual subjection, make them to realize their frail nature (Psa 8:4), and deter them from all conceit and future rebellion.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
