Sòm 10
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka? 2 Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan. 3 Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. 4 Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li. 5 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo. 6 L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm. 7 Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l' pale moun mal, pou l' di gwo mo. 8 Li kache kò l' nan ti bouk yo, l'ap pare tann inonsan yo pou l' touye yo an kachèt. L'ap veye moun ki san defans. 9 Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale. 10 Li bese, li kwoupi kò l', malere yo tonbe nan men l'. 11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'. 12 Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo! 13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l': Li p'ap pini mwen? 14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa. 15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou. 16 Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a. 17 Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj. 18 W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 10:1
PSALM 10
Psa 10:1-18. The Psalmist mourns God's apparent indifference to his troubles, which are aggravated by the successful malice, blasphemy, pride, deceit, and profanity of the wicked. On the just and discriminating providence of God he relies for the destruction of their false security, and the defense of the needy.
1. These are, of course, figurative terms (compare Psa 7:6; 13:1, &c.).
hidest--Supply "thine eyes" or "face."
Sòm 10:2
Sòm 10:3
3. heart's--or, "soul's."
desire--that is, his success in evil.
and blesseth, &c.--he (the wicked) blesseth the covetous, he despiseth the Lord.
Sòm 10:4
4. The face expresses the self-conceit, whose fruit is practical atheism (Psa 14:1).
Sòm 10:5-6
5-6. Such is his confidence in the permanence of his way or course of life, that he disregards God's providential government (out of sight, because he will not look, Is 26:11), sneers at his enemies, and boasts perpetual freedom from evil.
Sòm 10:7-10
7-10. The malignity and deceit (Psa 140:3) of such are followed by acts combining cunning, fraud, and violence (compare Pr 1:11, 18), aptly illustrated by the habits of the lion, and of hunters taking their prey. "Poor," in Psa 10:8, 10, 14, represents a word peculiar to this Psalm, meaning the sad or sorrowful; in Psa 10:9, as usual, it means the pious or meek sufferer.
Sòm 10:11
11. As before, such conduct implies disbelief or disregard of God's government.
Sòm 10:12
Sòm 10:13-14
13-14. It is in vain to suppose God will overlook sin, however forbearing; for He carefully examines or beholds all wickedness, and will mark it by His providential (Thine hand) punishment.
Sòm 10:15
Sòm 10:16-18
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
