Sòm 59

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (059:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. (059:2) Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen! 2 (059:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo! 3 (059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè. 4 (059:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo! 5 (059:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou! 6 (059:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen. 7 (059:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou! 8 (059:9) Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. 9 (059:10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. 10 (059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal. 11 (059:12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. 12 (059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo. 13 (059:14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè. 14 (059:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la. 15 (059:16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo. 16 (059:17) Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. 17 (059:18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 59:1

PSALM 59

Psa 59:1-17. See on Psa 57:1, title, and for history, 1Sa 19:11, &c. The scope is very similar to that of the fifty-seventh: prayer in view of malicious and violent foes, and joy in prospect of relief.

1. defend me--(Compare Margin).

rise up ... me--(Compare Psa 17:7).

Sòm 59:4-5

4-5. prepare, &c.--literally, "set themselves as in array."

awake--(Compare Psa 3:7; 7:6), appeals to God in His covenant relation to His people (Psa 9:18).

Sòm 59:6-7

6-7. They are as ravening dogs seeking prey, and as such,

belch out--that is, slanders, their impudent barkings.

Sòm 59:8

8. (Compare Psa 2:4; 37:13).

Sòm 59:9

9. By judicious expositors, and on good grounds, this is better rendered, "O my strength, on Thee will I wait" (Psa 59:17).

defence--(Compare Psa 18:3).

Sòm 59:11

11. Slay them not--at once (Jud 2:21-23); but perpetuate their punishment (Ge 4:12; Nu 32:13), by scattering or making them wander, and humble them.

Sòm 59:12

12. let them even be ... taken in their pride--while evincing it--that is, to be punished for their lies, &c.

Sòm 59:13

13. Though delayed for wise reasons, the utter destruction of the wicked must come at last, and God's presence and power in and for His Church will be known abroad (1Sa 17:46; Psa 46:10, 11).

Sòm 59:14-15

14-15. Meanwhile let the rapacious dogs prowl, they cannot hurt the pious; yea, they shall wander famished and sleepless.

Sòm 59:16-17

16-17. Contrast the lot of God's servant, who employs his time in God's praise.

sing aloud ... in the morning--when they retire famishing and disappointed, or it may denote delightful diligence in praise, as in Psa 30:5.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.