Sòm 60

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (060:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (060:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (012.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (060:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò! 2 (060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt. 3 (060:5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire. 4 (060:6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache. 5 (060:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. 6 (060:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. 7 (060:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye. 8 (060:10) Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li. 9 (060:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? 10 (060:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? 11 (060:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. 12 (060:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 60:1-3

PSALM 60

Psa 60:1-12. Shushan-eduth--Lily of testimony. The lily is an emblem of beauty (see on Psa 45:1, title). As a description of the Psalm, those terms combined may denote a beautiful poem, witnessing--that is, for God's faithfulness as evinced in the victories referred to in the history cited. Aram-naharaim--Syria of the two rivers, or Mesopotamia beyond the river (Euphrates) (2Sa 10:16). Aram-zobah--Syria of Zobah (2Sa 10:6), to whose king the king of the former was tributary. The war with Edom, by Joab and Abishai (2Ch 18:12, 25), occurred about the same time. Probably, while doubts and fears alternately prevailed respecting the issue of these wars, the writer composed this Psalm, in which he depicts, in the language of God's people, their sorrows under former disasters, offers prayer in present straits, and rejoices in confident hope of triumph by God's aid.

1-3. allude to disasters.

cast ... off--in scorn (Psa 43:2; 44:9).

scattered--broken our strength (compare 2Sa 5:20).

Oh, turn thyself--or, "restore to us" (prosperity). The figures of physical, denote great civil, commotions (Psa 46:2, 3).

Sòm 60:4-5

4-5. Yet to God's banner they will rally, and pray that, led and sustained by His power (right hand, Psa 17:7; 20:6), they may be safe.

Sòm 60:6-10

6-10. God hath spoken in--or, "by."

his holiness--(Psa 89:35; Am 4:2), on the pledge of His attributes (Psa 22:3; 30:4). Taking courage from God's promise to give them possession (Ex 23:31; De 11:24) (and perhaps renewed to him by special revelation), with triumphant joy he describes the conquest as already made.

Shechem, and ... Succoth--as widely separated points, and--

Sòm 60:11-12

11-12. Hence he closes with a prayer for success, and an assurance of a hearing.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.