Sòm 44

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 (044:1) Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo. (044:2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan. 2 (044:3) Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo. 3 (044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo. 4 (044:5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans. 5 (044:6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo. 6 (044:7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m' ki pou delivre m'. 7 (044:8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t' vle wè nou yo wont. 8 (044:9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi. 9 (044:10) Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò. 10 (044:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz. 11 (044:12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo. 12 (044:13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li. 13 (044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib. 14 (044:15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou. 15 (044:16) -(we vèsè pwochen) 16 (044:17) Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'. 17 (044:18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an. 18 (044:19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an. 19 (044:20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la. 20 (044:21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye, 21 (044:22) èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun? 22 (044:23) Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa. 23 (044:24) Louvri je ou, Seyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt! 24 (044:25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou? 25 (044:26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat. 26 (044:27) Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Sòm 44:1-3

PSALM 44

Psa 44:1-26. In a time of great national distress, probably in David's reign, the Psalmist recounts God's gracious dealings in former times, and the confidence they had learned to repose in Him. After a vivid picture of their calamities, he humbly expostulates against God's apparent forgetfulness, reminding Him of their faithfulness and mourning their heavy sorrows.

1-3. This period is that of the settlement of Canaan (Jos 24:12; Jud 6:3).

have told--or, "related" (compare Ex 10:2).

Sòm 44:4

4. Thou art my King--literally, "he who is my King," sustaining the same covenant relation as to the "fathers."

Sòm 44:5

5. The figure drawn from the habits of the ox.

Sòm 44:6-8

6-8. God is not only our sole help, but only worthy of praise.

Sòm 44:9

9. But--contrasting, cast off as abhorrent (Psa 43:2).

goest not forth--literally, "will not go" (2Sa 5:23). In several consecutive verses the leading verb is future, and the following one past (in Hebrew), thus denoting the causes and effects. Thus (Psa 44:10-12), when defeated, spoiling follows; when delivered as sheep, dispersion follows, &c.

Sòm 44:11

11. The Babylonian captivity not necessarily meant. There were others (compare 1Ki 8:46).

Sòm 44:15

15. shame of ... face--blushes in disgrace.

Sòm 44:16

16. Its cause, the taunts and presence of malignant enemies (Psa 8:2).

Sòm 44:17-19

17-19. They had not apostatized totally--were still God's people.

Sòm 44:20-21

20-21. A solemn appeal to God to witness their constancy.

stretched out ... hands--gesture of worship (Ex 9:29; Psa 88:9).

Sòm 44:22

22. Their protracted sufferings as God's people attests the constancy. Paul (Ro 8:36) uses this to describe Christian steadfastness in persecution.

Sòm 44:23-26

23-26. This style of addressing God, as indifferent, is frequent (Psa 3:7; 9:19; 13:1, &c.). However low their condition, God is appealed to, on the ground, and for the honor, of His mercy.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.