Sòm 135
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, 2 nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! 3 Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou. 4 Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li. 5 Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. 6 Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè. 7 Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a. 8 Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip. 9 Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo. 10 Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: 11 Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo. 12 Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete. 13 Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou! 14 Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo. 15 Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. 16 Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. 17 Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. 18 Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. 19 Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a! 20 Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li! 21 Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 135:1-3
PSALM 135
Psa 135:1-21. A Psalm of praise, in which God's relations to His Church, His power in the natural world, and in delivering His people, are contrasted with the vanity of idols and idol-worship.
1-3. In the general call for praise, the priests, that stand in the house of the Lord, are specially mentioned.
Sòm 135:4-7
4-7. God's choice of Israel is the first reason assigned for rendering praise; the next, His manifested greatness in creation and providence.
Sòm 135:8-9
8-9. The last plague [Ex 12:29] is cited to illustrate His "tokens and wonders."
Sòm 135:10-12
10-12. The conquest of Canaan was by God's power, not that of the people.
Sòm 135:13
13. heritage--or, "possession."
name ... memorial--Each denote that by which God is made known.
Sòm 135:14
Sòm 135:15-18
15-18. (Compare Psa 115:4-8).
Sòm 135:19-21
19-21. (Compare Psa 115:9-11). There we have "trust" for "bless" here.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
