Sòm 111
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lwanj pou Seyè a! M'a fè lwanj Seyè a ak tout kè m', nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. 2 Bagay Seyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. 3 Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan. 4 Seyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè. 5 Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. 6 Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo. 7 L'ap kenbe pawòl li, li san patipri nan tou sa l'ap fè. Nou mèt konte sou kòmandman li yo. 8 Yo la pou tout tan, paske se bagay ki dwat, se bagay ki vre. 9 Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li! 10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 111:1
PSALM 111
Psa 111:1-10. The Psalmist celebrates God's gracious dealings with His people, of which a summary statement is given.
1. Praise ye the Lord--or, Hallelujah (Psa 104:35). This seems to serve as a title to those of the later Psalms, which, like this, set forth God's gracious government and its blessed fruits. This praise claims the
whole heart--(Psa 86:12), and is rendered publicly.
upright--a title of the true Israel (Psa 32:11).
Sòm 111:2
2. His works, that is, of providence and grace are
sought--or, carefully studied, by all desiring to know them.
Sòm 111:3-4
Sòm 111:6-8
6-8. His power was shown especially in giving them the promised land, and His faithfulness and justice thus displayed are, like His precepts, reliable and of permanent obligation.
Sòm 111:9
Sòm 111:10
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
