Sòm 104
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! 2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. 3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. 4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. 5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'. 6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. 7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. 8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. 9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. 10 Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. 11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. 12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. 13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. 14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, 15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. 16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. 17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. 18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. 19 Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. 20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. 21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. 22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. 23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. 24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. 25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti. 26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'. 27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. 28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. 29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a. 30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. 31 Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. 32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. 33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. 34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. 35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 104:1
PSALM 104
Psa 104:1-35. The Psalmist celebrates God's glory in His works of creation and providence, teaching the dependence of all living creatures; and contrasting the happiness of those who praise Him with the awful end of the wicked.
1. God's essential glory, and also that displayed by His mighty works, afford ground for praise.
Sòm 104:2
Sòm 104:3
Sòm 104:4
4. This is quoted by Paul (He 1:7) to denote the subordinate position of angels; that is, they are only messengers as other and material agencies.
spirits--literally, "winds."
flaming fire--(Psa 105:32) being here so called.
Sòm 104:5
5. The earth is firmly fixed by His power.
Sòm 104:6-9
6-9. These verses rather describe the wonders of the flood than the creation (Ge 7:19, 20; 2Pe 3:5, 6). God's method of arresting the flood and making its waters subside is poetically called a "rebuke" (Psa 76:6; Is 50:2), and the process of the flood's subsiding by undulations among the hills and valleys is vividly described.
Sòm 104:10-13
10-13. Once destructive, these waters are subjected to the service of God's creatures. In rain and dew from His chambers (compare Psa 104:3), and fountains and streams, they give drink to thirsting animals and fertilize the soil. Trees thus nourished supply homes to singing birds, and the earth teems with the productions of God's wise agencies,
Sòm 104:14-15
14-15. so that men and beasts are abundantly provided with food.
for the service--literally, "for the culture," &c., by which he secures the results.
oil ... shine--literally, "makes his face to shine more than oil," that is, so cheers and invigorates him, that outwardly he appears better than if anointed.
strengtheneth ... heart--gives vigor to man (compare Jud 19:5).
Sòm 104:16-19
16-19. God's care of even wild animals and uncultivated parts of the earth.
Sòm 104:20-23
20-23. He provides and adapts to man's wants the appointed times and seasons.
Sòm 104:24-26
24-26. From a view of the earth thus full of God's blessings, the writer passes to the sea, which, in its immensity, and as a scene and means of man's activity in commerce, and the home of countless multitudes of creatures, also displays divine power and beneficence. The mention of
Sòm 104:27-30
27-30. The entire dependence of this immense family on God is set forth. With Him, to kill or make alive is equally easy. To hide His face is to withdraw favor (Psa 13:1). By His spirit, or breath, or mere word, He gives life. It is His constant providence which repairs the wastes of time and disease.
Sòm 104:31-34
31-34. While God could equally glorify His power in destruction, that He does it in preservation is of His rich goodness and mercy, so that we may well spend our lives in grateful praise, honoring to Him, and delightful to pious hearts (Psa 147:1).
Sòm 104:35
35. Those who refuse such a protector and withhold such a service mar the beauty of His works, and must perish from His presence.
Praise ye the Lord--The Psalm closes with an invocation of praise, the translation of a Hebrew phrase, which is used as an English word, "Hallelujah," and may have served the purpose of a chorus, as often in our psalmody, or to give fuller expression to the writer's emotions. It is peculiar to Psalms composed after the captivity, as "Selah" is to those of an earlier date.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
