Resansman 9
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Nan premye mwa dezyèm lanne apre yo te soti kite peyi Lejip la, Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa: 2 -Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la. 3 Katòzyèm jou premye mwa a, lè solèy fin kouche, n'a fete fèt la dapre tout lòd ak regleman mwen te ban nou pou sa. 4 Moyiz di pèp Izrayèl la pou yo fete fèt delivrans lan. 5 Epi yo fete fèt la nan aswè katòzyèm jou premye mwa a, nan dezè Sinayi a. Pèp la fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 6 Men, vwala te gen kèk moun ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pa t' kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y' al jwenn Moyiz ak Arawon. 7 Yo di yo: -Nou pa nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske nou te manyen yon kadav moun mouri. Men, poukisa nou pa ta ka pote ofrann nou yo bay Seyè a jou sa a, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo? 8 Moyiz reponn yo: -Rete tann jouk Seyè a va ban m' lòd sa pou m' di nou. 9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yonn nan nou, osinon yonn nan pitit pitit nou yo, twouve li pa ta nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske li te manyen kadav yon moun mouri, ou ankò si li ta nan vwayaj byen lwen, l'a toujou ka fete fèt Delivrans lan pou Bondye. 11 Y'a tann katòzyèm jou dizyèm mwa a, lè sòlèy fin kouche, pou yo fè l'. Y'a manje manje Delivrans lan avèk pen san ledven yo epi ak fèy lanman. 12 Yo p'ap gen dwa kite anyen pou denmen maten, ni yo pa fèt pou yo kraze okenn zo bèt yo touye a. Y'a fè tout bagay dapre regleman mwen bay pou fete fèt Delivrans lan. 13 Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a. 14 Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo. 15 Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten. 16 Se konsa sa te toujou ye: lajounen nwaj la te kouvri l', lannwit li te klere tankou yon dife. 17 Chak fwa nwaj la fè yon leve anwo tant lan, la menm moun pèp Izrayèl yo leve, epi yo pati. Lè li desann poze sou tant lan, yo rete, yo moute tant yo la. 18 Konsa, se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, e se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. Toutotan nwaj la te rete anwo tant lan, yo menm tou, yo te rete kote yo te ye a. 19 Si nwaj la te rete anpil jou anwo tant lan san deplase, moun pèp Izrayèl yo te swiv lòd Seyè a, yo menm tou yo pa t' deplase. 20 Gen de fwa nwaj la pa t' rete lontan anwo tant lan san deplase. Men, se te toujou konsa: se sou kòmandman Seyè a yo te leve pati, se sou kòmandman li tou yo te rete moute tant yo. 21 Gen de lè nwaj la rete sèlman pou yon nwit anwo tant lan, depi aswè jouk nan denmen maten. Leve nwaj la leve nan maten, yo menm tou yo leve, yo pati. Gen de fwa tou, li te rete yon jou yon nwit. Leve nwaj la leve, yo menm tou yo leve, yo pati. 22 Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati. 23 Konsa, yo moute tant yo sou lòd Seyè a, yo leve yo pati sou lòd Seyè a: Yo te fè tou sa Seyè a te di Moyiz di yo fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 9:2-5
Nu 9:1-5. The Passover Enjoined.
2-5. Let the children of Israel also keep the passover at his appointed season, &c.--The date of this command to keep the passover in the wilderness was given shortly after the erection and consecration of the tabernacle and preceded the numbering of the people by a month. (Compare Nu 9:1 with Nu 1:1, 2). But it is narrated after that transaction in order to introduce the notice of a particular case, for which a law was provided to meet the occasion. This was the first observance of the passover since the exodus; and without a positive injunction, the Israelites were under no obligation to keep it till their settlement in the land of Canaan (Ex 12:25). The anniversary was kept on the exact day of the year on which they, twelve months before, had departed from Egypt; and it was marked by all the peculiar rites--the he lamb and the unleavened bread. The materials would be easily procured--the lambs from their numerous flocks and the meal for the unleavened bread, by the aid of Jethro, from the land of Midian, which was adjoining their camp (Ex 3:1). But their girded loins, their sandaled feet, and their staff in their hand, being mere circumstances attending a hurried departure and not essential to the rite, were not repeated. It is supposed to have been the only observance of the feast during their forty years' wandering; and Jewish writers say that, as none could eat the passover except they were circumcised (Ex 12:43, 44, 48), and circumcision was not practised in the wilderness [Jos 5:4-7], there could be no renewal of the paschal solemnity.
Resansman 9:6-7
Nu 9:6-14. A Second Passover Allowed.
6-7. there were certain men, who were defiled by the dead body of a man--To discharge the last offices to the remains of deceased relatives was imperative; and yet attendance on a funeral entailed ceremonial defilement, which led to exclusion from all society and from the camp for seven days. Some persons who were in this situation at the arrival of the first paschal anniversary, being painfully perplexed about the course of duty because they were temporarily disqualified at the proper season, and having no opportunity of supplying their want were liable to a total privation of all their privileges, laid their case before Moses. Jewish writers assert that these men were the persons who had carried out the dead bodies of Nadab and Abihu [Le 10:4, 5].
Resansman 9:8-14
8-14. Moses said unto them, Stand still, and I will hear what the Lord will command concerning you--A solution of the difficulty was soon obtained, it being enacted, by divine authority, that to those who might be disqualified by the occurrence of a death in their family circle or unable by distance to keep the passover on the anniversary day, a special license was granted of observing it by themselves on the same day and hour of the following month, under a due attendance to all the solemn formalities. (See on 2Ch 30:2). But the observance was imperative on all who did not labor under these impediments.
Resansman 9:15
Nu 9:15-23. A Cloud Guides the Israelites.
15. the cloud covered the tabernacle--The inspired historian here enters on an entirely new subject, which might properly have formed a separate chapter, beginning at this verse and ending at Nu 10:29 [Calmet]. The cloud was a visible token of God's special presence and guardian care of the Israelites (Ex 14:20; Psa 105:39). It was easily distinguishable from all other clouds by its peculiar form and its fixed position; for from the day of the completion of the tabernacle it rested by day as a dark, by night as a fiery, column on that part of the sanctuary which contained the ark of the testimony (Le 16:2).
Resansman 9:17
17. when the cloud was taken up--that is, rose to a higher elevation, so as to be conspicuous at the remotest extremities of the camp. That was a signal for removal; and, accordingly, it is properly called (Nu 9:18) "the commandment of the Lord." It was a visible token of the presence of God; and from it, as a glorious throne, He gave the order. So that its motion regulated the commencement and termination of all the journeys of the Israelites. (See on Ex 14:19).
Resansman 9:19
19. when the cloud tarried long upon the tabernacle, ... then Israel kept the charge of the Lord, and journeyed not--A desert life has its attractions, and constant movements create a passionate love of change. Many incidents show that the Israelites had strongly imbibed this nomad habit and were desirous of hastening to Canaan. But still the phases of the cloud indicated the command of God: and whatsoever irksomeness they might have felt in remaining long stationary in camp, "when the cloud tarried upon the tabernacle many days, they kept the charge of the Lord, and journeyed not." Happy for them had they always exhibited this spirit of obedience! and happy for all if, through the wilderness of this world, we implicitly follow the leadings of God's Providence and the directions of God's Word!
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
