Resansman 8
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan. 3 Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan. 4 Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an. 5 Seyè a pale ak Mwiz, li di l' konsa: 6 -Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen. 7 Men ki jan w'a fè l': W'a pran nan dlo pou wete peche a, w'a voye l' sou yo. Apre sa, y'a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y'a lave rad ki sou yo. Se konsa y'a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. 8 Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l' la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w'a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal. 9 Apre sa, w'a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w'a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble. 10 Y'a poze men yo sou tèt moun Levi yo. 11 Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen. 12 Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo. 13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m'. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l' yo. 14 W'a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale. 15 Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a. 16 N'a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n'a fè m' kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. 17 Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen. 18 Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo. 19 Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m', mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l' yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p'ap rive tonbe sou pèp la paske yo p'ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan. 20 Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo. 21 Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye. 22 Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 23 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l' konsa: 24 -Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y'a fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 25 Lè y'a gen senkantan, y'a pran retrèt yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan. 26 Men, y'a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p'ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w'a bay moun Levi yo travay pou yo fè.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 8:1
Nu 8:1-4. How the Lamps Are to Be Lighted.
1. the Lord spake unto Moses--The order of this chapter suggests the idea that the following instructions were given to Moses while he was within the tabernacle of the congregation, after the princes had completed their offering. But from the tenor of the instructions, it is more likely that they were given immediately after the Levites had been given to the priests (see on Nu 3:1-4:49), and that the record of these instructions had been postponed till the narrative of other transactions in the camp had been made [Patrick].
Resansman 8:2
2. Speak unto Aaron, &c.--The candlestick, which was made of one solid, massive piece of pure gold, with six lamps supported on as many branches, a seventh in the center surmounting the shaft itself (Ex 25:31; 37:17), and completed according to the pattern shown in the mount, was now to be lighted, when the other things in the sanctuary began to be applied to religious service. It was Aaron's personal duty, as the servant of God, to light His house, which, being without windows, required the aid of lights (2Pe 1:19). And the course he was ordered to follow was first to light the middle lamp from the altar-fire, and then the other lamps from each other--a course symbolical of all the light of heavenly truth being derived from Christ, and diffused by His ministers throughout the world (Re 4:5).
the seven lamps shall give light over against the candlestick--The candlestick stood close to the boards of the sanctuary, on the south side, in full view of the table of showbread on the north (Ex 26:35), having one set of its lamps turned towards the east, and another towards the west; so that all parts of the tabernacle were thus lighted up.
Resansman 8:6-7
Nu 8:5-22. The Consecration of the Levites.
6-7. Take the Levites ... and cleanse them--This passage describes the consecration of the Levites. Although the tribe was to be devoted to the divine service, their hereditary descent alone was not a sufficient qualification for entering on the duties of the sacred office. They were to be set apart by a special ceremony, which, however, was much simpler than that appointed for the priests; neither washing nor anointing, nor investiture with official robes, was necessary. Their purification consisted, along with the offering of the requisite sacrifices (Le 1:4; 3:2; 4:4), in being sprinkled by water mixed with the ashes of a red heifer (Nu 19:9), and shaved all over, and their clothes washed--a combination of symbolical acts which was intended to remind them of the mortification of carnal and worldly desires, and the maintenance of that purity in heart and life which became the servants of God.
Resansman 8:9-10
9-10. thou shalt gather the whole assembly of the children of Israel together, &c.--As it was plainly impossible that the whole multitude of the Israelites could do this, a select portion of them must be meant. This party, who laid their hands upon the Levites, are supposed by some to have been the first-born, who by that act, transferred their peculiar privilege of acting as God's ministers to the Levitical tribe; and by others, to have been the princes, who thus blessed them. It appears, from this passage, that the imposition of hands was a ceremony used in consecrating persons to holy offices in the ancient, as, from the example of our Lord and His apostles, it has been perpetuated in the Christian Church.
Resansman 8:11-13
11-13. And Aaron shall offer the Levites--Hebrew, "as a wave offering"; and it has been thought probable that the high priest, in bringing the Levites one by one to the altar, directed them to make some simple movements of their persons, analogous to what was done at the presentation of the wave offerings before the Lord. Thus were they first devoted as an offering to God, and by Him surrendered to the priests to be employed in His service. The consecration ceremonial was repeated in the case of every Levite who was taken (as was done at a later period) to assist the priests in the tabernacle and temple. (See on 2Ch 29:34).
Resansman 8:14
14. and the Levites shall be mine--that is, exempt from all military duty or secular work--free from all pecuniary imposition and wholly devoted to the custody and service of the sanctuary.
Resansman 8:15
15. after that, shall the Levites go in to do the service of the tabernacle of the congregation--into the court, to assist the priests; and at removal into the tabernacle--that is, into the door of it--to receive the covered furniture.
Resansman 8:19
19. to make an atonement for the children of Israel, &c.--to aid the priests in that expiatory work; or, as the words may be rendered, "to make redemption for" the Levites being exchanged or substituted for the first-born for this important end, that there might be a sanctified body of men appointed to guard the sanctuary, and the people not allowed to approach or presumptuously meddle with holy things, which would expose them to the angry judgments of Heaven.
Resansman 8:24
24. from twenty and five years old, &c.--(Compare Nu 4:3). They entered on their work in their twenty-fifth year, as pupils and probationers, under the superintendence and direction of their senior brethren; and at thirty they were admitted to the full discharge of their official functions.
Resansman 8:25
25. from the age of fifty years they shall cease waiting upon the service thereof, &c.--that is, on the laborious and exhausting parts of their work.
Resansman 8:26
26. But shall minister with their brethren--in the performance of easier and higher duties, instructing and directing the young, or superintending important trusts. "They also serve who only wait" [Milton].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
