Resansman 36

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la, 2 yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo. 3 Men, si medam sa yo marye ak yon nonm ki fè pati yon lòt branch nan fanmi pèp Izrayèl la, pòsyon ki pou yo a pral soti sou tè zansèt pa nou yo. Konsa, pòsyon tè ki pou branch fanmi nonm yo marye a pral vin pi plis, epi pòsyon tè ki te vin pou nou an lè yo te tire osò a pral vin pi piti. 4 Lè lanne rejwisans lan va rive pou moun pèp Izrayèl yo, yo pral pran pòsyon tè ki te pou medam sa yo, yo pral wete l' nan pa branch fanmi zansèt nou yo, yo pral mete l' sou pa branch fanmi mari yo. 5 Se konsa, dapre lòd Seyè a te ba li, Moyiz bay moun pèp Izrayèl yo regleman sa a pou yo swiv. Li di yo konsa: -Moun branch fanmi Jozèf yo gen rezon. 6 Se poutèt sa, men lòd Seyè a bay: Pitit fi Zelochad yo lib marye moun yo vle, depi se yon moun ki nan menm branch fanmi ak yo. 7 Pòsyon tè yon branch fanmi pa gen dwa pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 8 Si yon fi vin eritye yon pòsyon nan tè yonn nan branch fanmi pèp Izrayèl la, se pou l' marye ak yon moun ki nan menm branch fanmi avè l'. Konsa, chak moun va kenbe eritaj zansèt yo nan fanmi an. 9 Tè yon branch fanmi p'ap ka pase pou yon lòt branch fanmi. Konsa, pòsyon tè ki pou yon fanmi va toujou rete nan fanmi an. 10 Se konsa, pitit fi Zelochad yo fè jan Seyè a te bay Moyiz lòd la. 11 Mala, Tiza, Ogla, Milka ak Noa marye ak pitit gason tonton yo bò papa. 12 Yo marye nan branch fanmi Manase, pitit Jozèf la. Konsa, pòsyon tè papa yo a rete nan menm branch fanmi an. 13 Men tout lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 36:1

Nu 36:1-13. The Inconvenience of the Inheritance.

1. the chief fathers of the families of the children of Gilead--Being the tribal governors in Manasseh, they consulted Moses on a case that affected the public honor and interests of their tribe. It related once more to the daughters of Zelophehad. Formerly they had applied, at their own instance, to be recognized, for want of male heirs in their family, as entitled to inherit their father's property [Nu 27:1-11]; now the application was made on behalf of the tribe to which they belonged--that steps might be taken to prevent the alienation of their patrimony by their alliance with husbands of another tribe. The unrestricted marriages of daughters in such circumstances threatened seriously to affect the tenure of land in Israel, as their inheritance would go to their children, who, by the father's side, would belong to another tribe, and thus lead, through a complication of interests and the confusion of families, to an evil for which even the Jubilee could not afford a remedy. [See on Le 25:13].

Resansman 36:5-12

5-12. Moses commanded the children of Israel according to the word of the Lord--The plea appeared just and reasonable; and, accordingly an enactment was made by which the daughters of Zelophehad, while left to the free choice of their husbands, were restricted to marry not only within their own tribe, but within the family of their father's tribe--that is, one of their cousins. This restriction, however, was imposed only on those who were heiresses. The law was not applicable to daughters in different circumstances (1Ch 23:22)--for they might marry into another tribe; but if they did so, they were liable to forfeit their patrimonial inheritance, which, on the death of their father or brothers, went to the nearest of the family kinsmen. Here was an instance of progressive legislation (see also Ex 18:27) in Israel, the enactments made being suggested by circumstances. But it is deserving of special notice that those additions to, or modifications of, the law were confined to civil affairs; while the slightest change was inadmissible in the laws relating to worship or the maintenance of religion.

Resansman 36:13

13. These are the commandments and the judgments, which the Lord commanded by the hand of Moses unto the children of Israel in the plains of Moab--The Israelitish encampment was on an extensive plateau north of the Arnon, which, though wrested from the Moabites by Sihon and Og, still retained the name of its original possessors. The particular site, as indicated by the words "Jordan near Jericho," is now called El-Koura--a large plain lying not far from Nebo, between the Arnon and a small tributary stream, the Wael [Burckhardt]. It was a desert plain on the eastern bank, and marked only by groves of the wild, thorny acacia tree.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.