Kòmanse

Resansman 35

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Antan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -W'a bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pran nan pòsyon tè yo resevwa a kèk lavil pou yo bay moun Levi yo pou yo rete, ansanm ak savann ki toutotou lavil sa yo pou yo ka fè gadinaj. 3 Se nan lavil sa yo moun Levi yo va rete. Savann sa yo va rete pou yo, y'a sèvi pou zannimo yo ak pou tout lòt bèt y'a genyen. 4 Savann yo va toutotou lavil yo. Y'a mezire mil senksan (01.500) pye depi ranpa lavil la nan chak direksyon. 5 Konsa, savann yo va fè yon gwo teren kare kare ki va mezire twamil (03.000) pye sou chak bò: twamil pye sou bò lès, twamil pye sou bò lwès, twamil pye sou bò nò, twamil pye sou bò sid ak lavil la nan mitan l'. Y'a sèvi kote pou bèt moun Levi ki rete nan lavil la jwenn manje. 6 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, gen sis ladan yo ki va sèvi pou bay moun ki touye moun pwoteksyon. Apa sis lavil sa yo, n'a bay moun Levi yo karannde lòt lavil ankò. 7 Antou, se pou nou bay moun Levi yo karantwit lavil ak tout savann pou bèt yo. 8 Lè n'ap wete nan pòsyon ki pou pèp Izrayèl la lavil pou moun Levi yo, chak fanmi va bay dapre pòsyon tè li te resevwa. Sa ki gen pi gwo pòsyon an va bay plis. Sa ki gen ti pòsyon an va bay mwens. 9 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 10 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Kanaran an, 11 se pou nou chwazi kèk lavil kote yon moun ki touye yon lòt san li pa fè espre ka kouri chache pwoteksyon. 12 Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun. 13 Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon, 14 twa lòt bò larivyè Jouden an sou bò solèy leve, twa bò isit nan peyi Kanaran an. 15 Sis lavil sa yo va sèvi ni pou moun peyi a ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou osinon ki depasaj. Se la tout moun ki touye yon lòt san fè espre va kouri chache pwoteksyon. 16 Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 17 Si yon moun bay yon lòt yon kout wòch epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 18 Si yon moun bay yon lòt yon kout bwa epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou. 19 Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'. 20 Si yon moun rayi yon lòt epi li ba li yon move bourad pou li touye l', osinon si li voye yon bagay dèyè l' pou touye l', 21 oswa ankò, paske li pa vle wè l' li bat li ak koutpwen pou l' touye l', epi li touye l' vre, li gen pou l' mouri tou. Se yon ansasen li ye. Moun ki fanmi pi pre moun li touye a va reskonsab pou touye l' tou, nenpòt lè li bare avè l'. 22 Men, sipoze yon moun bay yon lòt yon move bourad san li pa fè espre, san li pa rayi l', osinon li voye yon bagay konsa konsa, epi l' al pran yon moun move kote san li pa t'ap voye l' dèyè l', 23 oswa ankò, sipoze li voye yon wòch epi li pa wè sa, wòch la al tonbe sou yon moun, li touye l' frèt, san li pa t' rayi moun lan ni li pa t'ap chache fè moun lan mal, 24 nan ka sa yo, men regleman pou moun pèp Izrayèl yo swiv pou yo regle bagay la ant moun ki te touye lòt la ak fanmi pi pre moun mouri a ki reskonsab pou tire revanj la. 25 Pèp la va sove moun ki te touye lòt la anba men fanmi pi pre moun li touye a, l'a fè l' tounen nan lavil kote li te al kache kò l' la. Moun ki te touye lòt la va rete la jouk granprèt ki la lè sa a pou fè sèvis Bondye a va mouri. 26 Si moun ki touye lòt la ta rive soti andeyò limit lavil kote li kache a, 27 si moun ki fanmi pi pre moun li touye a bare avè l', epi li touye l', yo pa gen dwa fè fanmi pre a peye pou sa l' fè a. 28 Paske moun ki touye yon lòt san li pa fè espre a fèt pou rete nan lavil kote li te kache a jouk granprèt ki la lè sa a va mouri. Se apre lanmò granprèt la ase l'a ka tounen lakay li. 29 Regleman sa yo va sèvi tankou yon lwa pou nou pou tout tan, de pitit an pitit, kote nou pase. 30 Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun. 31 Nou pa gen dwa asepte lajan pou sove lavi yon moun yo kondannen pou mouri paske li touye yon lòt. Wè pa wè se pou nonm sa a mouri. 32 Ni nou pa gen dwa asepte lajan pou penmèt yon moun ki kite lavil kote l' te kache a pou l' al lakay li anvan granprèt ki la lè sa a mouri. 33 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a. 34 Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou rete a, paske mwen menm Seyè a, se nan mitan moun pèp Izrayèl yo, nan mitan peyi kote yo rete a, mwen rete tou.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 35:1-3

Introduction

The Israelites are commanded to give the Levites, out of their inheritances, cities and their suburbs for themselves and for their cattle, goods, etc., Num 35:1-3. The suburbs to be 3,000 cubits round about from the wall of the city, Num 35:4, Num 35:5. The cities to be forty-two, to which six cities of refuge should be added, in all forty-eight cities, Num 35:6, Num 35:7. Each tribe shall give of these cities in proportion to its possessions, Num 35:8. These cities to be appointed for the person who might slay his neighbor unawares, Num 35:9-12. Of these six cities there shall be three on each side Jordan, Num 35:13, Num 35:14. The cities to be places of refuge for all who kill a person unawares, whether they be Israelites, strangers, or sojourners, Num 35:15. Cases of murder to which the benefit of the cities of refuge shall not extend, Num 35:16-21. Cases of manslaughter to which the benefits of the cities of refuge shall extend, Num 35:22, Num 35:23. How the congregation shall act between the manslayer and the avenger of blood, Num 35:24, Num 35:25. The manslayer shall abide in the city of refuge till the death of the high priest; he shall then return to the land of his possession, Num 35:26-28. Two witnesses must attest a murder before a murderer can be put to death, Num 35:29, Num 35:30. Every murderer to be put to death, Num 35:31. The manslayer is not to be permitted to come to the land of his inheritance till the death of the high priest, Num 35:32. The land must not be polluted with blood, for the Lord dwells in it, Num 35:33, Num 35:34.

Resansman 35:4

Verse 4

And the suburbs of the cities - shall reach from the wall of the city and outward a thousand cubits round about.

Resansman 35:5-10

Verse 5

And ye shall measure from without the city - two thousand cubits, etc. - Commentators have been much puzzled with the accounts in these two verses. In Num 35:4 the measure is said to be 1,000 cubits from the wall; in Num 35:5 the measure is said to be 2,000 from without the city. It is likely these two measures mean the same thing; at least so it was understood by the Septuagint and Coptic, who have δισχιλιους πηχεις, 2,000 cubits, in the fourth, as well as in the fifth verse; but this reading of the Septuagint and Coptic is not acknowledged by any other of the ancient versions, nor by any of the MSS. collated by Kennicott and De Rossi. We must seek therefore for some other method of reconciling this apparently contradictory account. Sundry modes have been proposed by commentators, which appear to me, in general, to require full as much explanation as the text itself. Maimonides is the only one intelligible on the subject. "The suburbs," says he, "of the cities are expressed in the law to be 3,000 cubits on every side from the wall of the city and outwards. The first thousand cubits are the suburbs, and the 2,000, which they measured without the suburbs, were for fields and vineyards." The whole, therefore, of the city, suburbs, fields, and vineyards, may be represented by the diagram.

Resansman 35:11

Verse 11

Ye shall appoint - cities of refuge - The cities of refuge among the Israelites were widely different from the asyla among the Greeks and Romans, as also from the privileged altars among the Roman Catholics. Those among the Hebrews were for the protection of such only as had slain a person involuntarily. The temples and altars among the latter often served for the protection of the most profligate characters. Cities of refuge among the Hebrews were necessary, because the old patriarchal law still remained in force, viz., that the nearest akin had a right to avenge the death of his relation by slaying the murderer; for the original law enacted that whosoever shed man's blood, by man should his blood be shed, Gen 9:6, and none was judged so proper to execute this law as the man who was nearest akin to the deceased. As many rash executions of this law might take place, from the very nature of the thing, it was deemed necessary to qualify its claims, and prevent injustice; and the cities of refuge were judged proper for this purpose. Nor do we ever read that they were ever found inefficient, or that they were ever abused.

Resansman 35:12-18

Verse 12

Until he stand before the congregation in judgment - So one of these cities was not a perpetual asylum; It was only a pro tempore refuge, till the case could be fairly examined by the magistrates in the presence of the people, or the elders their representatives; and this was done in the city or place where he had done the murder, Jos 20:4, Jos 20:6. If he was found worthy of death, they delivered him to the avenger that he might be slain, Deu 19:12; if not, they sent him back to the city of refuge, where he remained till the death of the high priest, Num 35:25. Before the cities of refuge were appointed, the altar appears to have been a sanctuary for those who had killed a person unwittingly; see on Exo 21:13 (note), and Exo 21:14 (note).

Resansman 35:19-29

Verse 19

The revenger of blood - גאל הדם goel haddam, the redeemer of blood; the next in blood to him who was slain. See on Num 35:12 (note).

Resansman 35:30

Verse 30

But one witness shall not testify against any - This was a just and necessary provision. One may be mistaken, or so violently prejudiced as to impose even on his own judgment, or so wicked as to endeavor through malice to compass the life of his neighbor: but it is not likely that two or more should be of this kind; and even were they, their separate examination would lead to a discovery of the truth, and to their conviction.

Resansman 35:31

Verse 31

Ye shall take no satisfaction for the life of a murderer - No atonement could be made for him, nor any commutation, so as to save him from death. All the laws of the civilized world have either adjudged the murderer to death, or to a punishment equivalent to it; such as perpetual imprisonment, in a dungeon, under ground, on a stone floor, without light, and to be fed on a small portion of bread and water. In such circumstances a man could live but a short time; and though it is not called the punishment of death, yet, from its inevitable consequences, it only differed from it by being a little longer respite than was usual where the punishment of death was awarded. See the note on Gen 9:6.

Resansman 35:32

Verse 32

Until the death of the priest - Probably intended to typify, that no sinner can be delivered from his banishment from God, or recover his forfeited inheritance, till Jesus Christ, the great high priest, had died for his offenses, and risen again for his justification.

Resansman 35:33-34

Verse 33

For blood it defileth the land - The very land was considered as guilty till the blood of the murderer was shed in it. No wonder God is so particularly strict in his laws against murderers,

1. Because he is the author of life, and none have any right to dispose of it but himself.

2. Because life is the time to prepare for the eternal world, and on it the salvation of the soul accordingly depends; therefore it is of infinite consequence to the man that his life be lengthened out to the utmost limits assigned by Divine Providence. As he who takes a man's life away before his time may be the murderer of his soul as well as of his body, the severest laws should be enacted against this, both to punish and prevent the crime.

The Mosaic cities of refuge have in general been considered, not merely as civil institutions, but as types or representations of infinitely better things; and in this light St. Paul seems to have considered them and the altar of God, which was a place of general refuge, as it is pretty evident that he had them in view when writing the following words: "God, willing more abundantly to show unto the heirs of promise the immutability of his counsel, confirmed it by an oath; that by two immutable things, (his oath and promise), in which it was impossible for God to lie, we might have a strong consolation who have Fled for Refuge to lay Hold upon the Hope set before us," Heb 6:17, Heb 6:18. Independently of this, it was a very wise political institute; and while the patriarchal law on this point continued in force, this law had a direct tendency to cool and moderate the spirit of revenge, to secure the proper accomplishment of the ends of justice, and to make way for every claim of mercy and equity. But this is not peculiar to the ordinance of the cities of refuge; every institution of God is distinguished in the same way, having his own glory, in the present and eternal welfare of man, immediately in view.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.