Resansman 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, te gen nan branch fanmi Manase a senk fi, Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tiza. Yo tout te pitit fi Zelochad. Zelochad sa a te pitit gason Efè. Efè te pitit gason Galarad, ki te pitit gason Maki, ki li menm te pitit gason Manase, ki te pitit gason Jozèf. 2 Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di: 3 -Papa nou mouri nan dezè a san li pa kite okenn pitit gason. Li pa t' fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a. Se poutèt pwòp peche pa l' yo kifè li mouri san li pa t' gen tan gen pitit gason. 4 Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou. 5 Moyiz al pale koze a avèk Seyè a. 6 Seyè a di l' konsa; 7 -Pitit fi Zelochad yo gen rezon. W'a ba yo yon pòsyon tè ki va rete pou yo nan mitan fanmi papa yo. W'a ba yo pòsyon tè ki te pou papa yo a. 8 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo konsa: Si yon moun mouri san li pa kite pitit gason, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay pitit fi li yo. 9 Si li pa gen pitit fi, n'a renmèt pòsyon tè pa l' la bay frè l' yo. 10 Si li pa gen frè, n'a renmèt tè a bay frè papa l' yo. 11 Si papa l' pa t' gen frè, n'a renmèt li bay fanmi pi pre l' la. Epi tè a va rete pou li. Se pou moun pèp Izrayèl yo swiv regleman sa a tankou yon lwa, jan mwen menm Seyè a, mwen te bay Moyiz lòd la. 12 Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn Abarim. Voye je ou gade peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo. 13 Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la. 14 paske nou tou de nou pa t' fè sa m' te di nou fè a nan dezè Zin lan. Lè pèp la t'ap chache m' kont bò sous dlo Meriba yo, nou te refize kite m' fè yo wè pouvwa mwen nan zafè dlo a. (Meriba se sous dlo bò Kadès nan dezè Zin lan.) 15 Lè sa a, Moyiz pale ak Seyè a, li di l' konsa: 16 -O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la, 17 yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Seyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò pou okipe yo. 18 Seyè a reponn Moyiz: -Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l'. W'a mete men ou sou tèt li, 19 epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li. 20 W'a separe avè l' pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l'. 21 L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo. 22 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a. Li pran Jozye, li fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak tout pèp la. 23 Li mete men l' sou tèt li, epi li ba li lòd li yo, jan Seyè a te di l' la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 27:3
Nu 27:1-11. The Daughters of Zelophehad Ask for an Inheritance.
3. Our father died in the wilderness, and he was not ... in the company of ... Korah--This declaration might be necessary because his death might have occurred about the time of that rebellion; and especially because, as the children of these conspirators were involved along with their fathers in the awful punishment, their plea appeared the more proper and forcible that their father did not die for any cause that doomed his family to lose their lives or their inheritance.
died in his own sin--that is, by the common law of mortality to which men, through sin, are subject.
Resansman 27:4
4. Give unto us a possession among the brethren of our father--Those young women perceived that the males only in families had been registered in the census. Because there were none in their household, their family was omitted. So they made known their grievance to Moses, and the authorities conjoined with him in administering justice. The case was important; and as the peculiarity of daughters being the sole members of a family would be no infrequent or uncommon occurrence, the law of inheritance, under divine authority, was extended not only to meet all similar cases, but other cases also--such as when there were no children left by the proprietor, and no brothers to succeed him. A distribution of the promised land was about to be made; and it is interesting to know the legal provision made in these comparatively rare cases for preserving a patrimony from being alienated to another tribe. (See on Nu 36:5).
Resansman 27:12
Nu 27:12-17. Moses Being Told of His Approaching Death, Asks for a Successor.
12. The Lord said unto Moses, Get thee up into this mount Abarim, and see the land--Although the Israelites were now on the confines of the promised land, Moses was not privileged to cross the Jordan, but died on one of the Moabitic range of mountains, to which the general name of Abarim was given (Nu 33:47). The privation of this great honor was owing to the unhappy conduct he had manifested in the striking of the rock at Meribah [Nu 20:12]; and while the pious leader submitted with meek acquiescence to the divine decree, he evinced the spirit of genuine patriotism in his fervent prayers for the appointment of a worthy and competent successor [Nu 27:15-17].
Resansman 27:16
16. God of the spirits of all flesh, set a man over the congregation--The request was most suitably made to God in this character, as the Author of all the intellectual gifts and moral graces with which men are endowed, and who can raise up qualified persons for the most arduous duties and the most difficult situations.
Resansman 27:18
Nu 27:18-23. Joshua Appointed to Succeed Him.
18. Take thee Joshua ... a man in whom is the spirit, and lay thine hand upon him--A strong testimony is here borne to the personality of the divine Spirit--the imposition of hands was an ancient ceremony. (See Ge 48:14; Le 1:4; 1Ti 4:14).
Resansman 27:20-21
20-21. Thou shalt put some of thine honour upon him--In the whole history of Israel there arose no prophet or ruler in all respects like unto Moses till the Messiah appeared, whose glory eclipsed all. But Joshua was honored and qualified in an eminent degree, through the special service of the high priest, who asked counsel for him after the judgment of Urim before the Lord.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
