Resansman 28
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo. 3 W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen. 4 N'a ofri premye ti mouton an nan maten, n'a ofri lòt la nan aswè. 5 Ansanm avèk chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn. 6 (Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.) 7 Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a. 8 Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 9 Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason. 10 Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo. 11 Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite. 12 N'a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n'a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n'a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje. 13 Pou chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. 14 N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a. 15 Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la. 16 Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. 17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. 18 Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. 19 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 20 N'a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an, 21 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton. 22 N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la. 23 N'a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a. 24 Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la. 25 Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis. 26 Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. 27 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite. 28 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an 29 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo. 30 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la. 31 N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 28:2
Nu 28:1-31. Offerings to Be Observed.
2. Command the children of Israel, and say unto them--The repetition of several laws formerly enacted, which is made in this chapter, was seasonable and necessary, not only on account of their importance and the frequent neglect of them, but because a new generation had sprung up since their first institution and because the Israelites were about to be settled in the land where those ordinances were to be observed.
My offering, and my bread--used generally for the appointed offerings, and the import of the prescription is to enforce regularity and care in their observance.
Resansman 28:9-10
9-10. This is the burnt offering of every sabbath--There is no previous mention of a Sabbath burnt offering, which was additional to the daily sacrifices.
Resansman 28:11-15
11-15. And in the beginnings of your months ye shall offer a burnt offering unto the Lord--These were held as sacred festivals; and though not possessing the character of solemn feasts, they were distinguished by the blowing of trumpets over the sacrifices (Nu 10:10), by the suspension of all labor except the domestic occupations of women (Am 8:5), by the celebration of public worship (2Ki 4:23), and by social or family feasts (1Sa 20:5). These observations are not prescribed in the law though they obtained in the practice of a later time. The beginning of the month was known, not by astronomical calculations, but, according to Jewish writers, by the testimony of messengers appointed to watch the first visible appearance of the new moon; and then the fact was announced through the whole country by signal-fires kindled on the mountain tops. The new-moon festivals having been common among the heathen, it is probable that an important design of their institution in Israel was to give the minds of that people a better direction; and assuming this to have been one of the objects contemplated, it will account for one of the kids being offered unto the Lord (Nu 28:15), not unto the moon, as the Egyptians and Syrians did. The Sabbath and the new moon are frequently mentioned together.
Resansman 28:16-25
16-25. in the fourteenth day of the first month is the passover--The law for that great annual festival is given (Le 23:5), but some details are here introduced, as certain specified offerings are prescribed to be made on each of the seven days of unleavened bread [Nu 28:18-25].
Resansman 28:26-27
26-27. in the day of the first-fruits ... offer the burnt offering--A new sacrifice is here ordered for the celebration of this festival, in addition to the other offering, which was to accompany the first-fruits (Le 23:18).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
