Resansman 23

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton. 2 Balak fè sa Balaram te di l' fè a. Lèfini, Balaram ak Balak touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl. 3 Apre sa, Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete ap boule la a. Mwen menm, mwen pral wè si Seyè a p'ap vin jwenn mwen. Apre sa, m'a fè ou konnen sa l'a fè m' wè a. Epi l' ale sou tèt yon ti mòn ki pa t' gen yon ti pyebwa sou li. 4 Epi Bondye vin jwenn li la. Balaram di l' konsa: -Mwen te fè bati sèt lotèl pou ou, epi mwen te touye yon towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou ou. 5 Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la. 6 Se konsa, Balaram tounen bò kote Balak. Li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak lòt chèf moun Moab yo. 7 Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo. 8 Men ki jan ou ta vle pou m' madichonnen moun Bondye pa madichonnen? Ki jan ou ta vle pou m' kraponnen moun Bondye pa kraponnen? 9 Mwen kanpe sou tèt gwo wòch yo, mwen wè yo. Antan mwen sou ti mòn yo, m'ap gade anba: Wi, se yon pèp k'ap viv yon jan apa pou kont li. Se yon pèp ki pa menm ak lòt pèp yo! 10 Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze. 11 Balak di Balaram: -Kisa w'ap fè m' konsa? Mwen mennen ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon, epi se beni mwen wè w'ap beni yo! 12 Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di. 13 Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen. 14 Balak pran Balaram, li mennen l' nan jaden Santinèl yo, sou tèt mòn Pisga. Lè l' rive la, li bati sèt lotèl. Epi li touye yon jenn ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye. 15 Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan. 16 Seyè a vin jwenn Balaram, li pale ak Balaram byen pale ankò, epi li di l': -Tounen al jwenn Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la. 17 Se konsa Balaram tounen bò kote Balak, li jwenn li kanpe bò ofrann boule yo ansanm ak tout chèf moun Moab yo. Epi Balak mande l': -Kisa Seyè a di konsa? 18 Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò! 19 Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre! 20 Yo ban m' lòd pou m' beni pèp Izrayèl la! Lè Bondye fin bay benediksyon l', nanpwen anyen mwen ka fè ankò. 21 Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo. 22 Paske, lè Bondye t'ap fè yo soti kite peyi Lejip la, li te ba yo fòs pou yo te goumen tankou towo mawon. 23 Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou! 24 Gade! Pèp Izrayèl la kanpe tankou yon manman lyon. Yo leve kanpe tankou yon mal lyon. Yo p'ap chita toutotan yo pa fin devore moun ki tonbe anba men yo, toutotan yo pa fin bwè san moun yo touye yo. 25 Lè sa a, Balak di Balaram konsa: -Menm jan ou pa vle ba yo madichon an, ou pa t' dwe asepte ba yo benediksyon non plis. 26 Men, Balaram reponn Balak, li di l': -Mwen te tou pale ou wi. Mwen te di ou: Tou sa Seyè a va di m' fè, se sa m'ap fè. 27 Balak di Balaram konsa: -Ann al non! Mwen pral mennen ou yon lòt kote. Ou pa janm konnen, antan ou la a, Bondye ka kite ou bay pèp la madichon pou mwen. 28 Balak mennen Balaram sou tèt mòn Peyò a. Antan yo la, yo dekouvri tout dezè a nan pye yo. 29 Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl pou mwen isit la. Lèfini, fè m' jwenn sèt jenn ti towo bèf ak sèt belye mouton. 30 Balak fè tou sa Balaram te di l' fè a, epi li touye yon ti towo bèf ak yon belye mouton sou chak lotèl pou Bondye.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 23:1

Nu 23:1-30. Balak's Sacrifices.

1. Balaam said unto Balak, Build me here seven altars--Balak, being a heathen, would naturally suppose these altars were erected in honor of Baal, the patron deity of his country. It is evident, from Nu 23:4 that they were prepared for the worship of the true God; although in choosing the high places of Baal as their site and rearing a number of altars (2Ki 18:22; Is 17:8; Jr 11:13; Ho 8:11; 10:1), instead of one only, as God had appointed, Balaam blended his own superstitions with the divine worship. The heathen, both in ancient and modern times, attached a mysterious virtue to the number seven; and Balaam, in ordering the preparation of so many altars, designed to mystify and delude the king.

Resansman 23:3

3. Stand by thy burnt offering--as one in expectation of an important favor.

peradventure the Lord will come to meet me: and whatsoever he showeth me--that is, makes known to me by word or sign.

he went to an high place--apart by himself, where he might practise rites and ceremonies, with a view to obtain a response of the oracle.

Resansman 23:4-6

4-6. God met Balaam--not in compliance with his incantations, but to frustrate his wicked designs and compel him, contrary to his desires and interests, to pronounce the following benediction [Nu 23:8-10].

Resansman 23:7

7. took up his parable--that is, spoke under the influence of inspiration, and in the highly poetical, figurative, and oracular style of a prophet.

brought me from Aram--This word joined with "the mountains of the East," denotes the upper portion of Mesopotamia, lying on the east of Moab. The East enjoyed an infamous notoriety for magicians and soothsayers (Is 2:6).

Resansman 23:8

8. How shall I curse, whom God hath not cursed?--A divine blessing has been pronounced over the posterity of Jacob; and therefore, whatever prodigies can be achieved by my charms, all magical skill, all human power, is utterly impotent to counteract the decree of God.

Resansman 23:9

9. from the top--literally, "a bare place" on the rocks, to which Balak had taken him, for it was deemed necessary to see the people who were to be devoted to destruction. But that commanding prospect could contribute nothing to the accomplishment of the king's object, for the destiny of Israel was to be a distinct, peculiar people, separated from the rest of the nations in government, religion, customs, and divine protection (De 33:28). So that although I might be able to gratify your wishes against other people, I can do nothing against them (Ex 19:5; Le 20:24).

Resansman 23:10

10. Who can count the dust of Jacob?--an Oriental hyperbole for a very populous nation, as Jacob's posterity was promised to be (Ge 13:16; 28:14).

the number of the fourth part of Israel--that is, the camp consisted of four divisions; every one of these parts was formidable in numbers.

Let me die the death of the righteous--Hebrew, "of Jeshurun"; or, the Israelites. The meaning is: they are a people happy, above all others, not only in life, but at death, from their knowledge of the true God, and their hope through His grace. Balaam is a representative of a large class in the world, who express a wish for the blessedness which Christ has promised to His people but are averse to imitate the mind that was in Him.

Resansman 23:13-15

13-15. Come, ... with me unto another place, from whence thou mayest see them--Surprised and disappointed at this unexpected eulogy on Israel, Balak hoped that, if seen from a different point of observation, the prophet would give utterance to different feelings; and so, having made the same solemn preparations, Balaam retired, as before, to wait the divine afflatus.

Resansman 23:18-19

18-19. Rise up--As Balak was already standing (Nu 23:17), this expression is equivalent to "now attend to me." The counsels and promises of God respecting Israel are unchangeable; and no attempt to prevail on Him to reverse them will succeed, as they may with a man.

Resansman 23:21

21. He hath not beheld iniquity in Jacob--Many sins were observed and punished in this people. But no such universal and hopeless apostasy had as yet appeared, to induce God to abandon or destroy them.

the Lord his God is with him--has a favor for them.

and the shout of a king is among them--such joyful acclamations as of a people rejoicing in the presence of a victorious prince.

Resansman 23:22

22. he hath as it were the strength of an unicorn--Israel is not as they were at the Exodus, a horde of poor, feeble, spiritless people, but powerful and invincible as a reem--that is, a rhinoceros (Job 39:9; Psa 22:21; 92:10).

Resansman 23:23

23. Surely there is no enchantment against Jacob--No art can ever prevail against a people who are under the shield of Omnipotence, and for whom miracles have been and yet shall be performed, which will be a theme of admiration in succeeding ages.

Resansman 23:26

26. All that the Lord speaketh, that I must do--a remarkable confession that he was divinely constrained to give utterances different from what it was his purpose and inclination to do.

Resansman 23:28

28. Balak brought Balaam unto the top of Peor--or, Beth-peor (De 3:29), the eminence on which a temple of Baal stood.

that looketh toward Jeshimon--the desert tract in the south of Palestine, on both sides of the Dead Sea.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.