Resansman 22
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moun pèp Izrayèl yo kite kote yo te ye a, y' al moute kan yo nan plenn Moab, ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko. 2 Lè wa Balak, pitit Zipò, wè tou sa moun pèp Izrayèl yo te fè moun Amori yo, 3 li menm ak tout moun pèp Moab yo te vin pè pèp Izrayèl la kou chat, paske moun pèp Izrayèl yo te anpil anpil. 4 Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab. 5 Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an. 6 Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m'. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt. 7 Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la. 8 Balaram di yo: -Bon. Nou mèt pase nwit la isit la. Denmen m'a ban nou repons mwen dapre sa Seyè a va fè m' konnen. Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo rete lakay Balaram. 9 Bondye vin bò kote Balaram, li di l' konsa: -Ki moun sa yo ki lakay ou a? 10 Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m': 11 Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a. 12 Men Bondye di Balaram konsa: -Piga ou ale ak mesye sa yo, tande. Piga ou bay pèp Izrayèl la madichon, paske se mwen ki beni yo. 13 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou. 14 Se konsa chèf moun Moab yo leve, yo tounen bò kote Balak, yo di l' konsa: -Balaram refize vini avèk nou! 15 Lè sa a, Balak voye yon bann lòt chèf kote Balaram ankò. Men, fwa sa a chèf sa yo te pi plis, epi yo te pi grannèg pase premye yo. 16 Mesye yo leve vre, y' ale bò kote Balaram, epi yo di l' konsa: -Men sa Balak, pitit Zipò a, voye di ou: Tanpri, pa kite anyen anpeche ou vin bò kote m'. 17 Gade: m'ap kite anpil bèl bagay pou ou. M'ap fè tou sa ou di m' fè. Tanpri, vini non! Vin bay pèp sa a madichon pou mwen. 18 Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an. 19 Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò. 20 Jou lannwit sa a, Bondye vin jwenn Balaram, epi li di l' konsa: -Si se chache mesye sa yo vin chache ou, ou mèt leve ale ak yo. Men, se sa mwen di ou fè ase pou ou fè. 21 Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, li sele manman bourik l' a, epi li pati avèk chèf moun Moab yo. 22 Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik l' a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l' yo, zanj Seyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l'. 23 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe li nan men l', bourik la chankre, li lage kò l' nan jaden. Balaram bat bourik la jouk li fè l' tounen sou wout la. 24 Men zanj Seyè a vin kanpe yon kote wout la te jennen, kote wout la pase nan mitan de jaden rezen avèk yon miray kloti sou chak bò. 25 Lè manman bourik la wè zanj Seyè a, l' al fwote kò l' sou miray la. Se konsa li kwense pye Balaram sou miray la. Balaram tanmen bat l' ankò. 26 Zanj Seyè a fè yon ti mache ankò, epi l' al kanpe yon kote wout la te pi jennen toujou, kifè pa t' gen yon ti espas menm pou pase ni adwat, ni agoch. 27 Lè bourik la wè zanj Seyè a, fwa sa a, li kouche ak tout Balaram sou li. Balaram fache, li tonbe bat bourik la ak gwo baton ki te nan men l' lan. 28 Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa: 29 Balaram di bourik la konsa: -Se paske w'ap pase m' nan jwèt! Pa pito se te yon manchèt osinon yon nepe ki te nan men m', ou ta gen tan konnen. Ou mouri lontan! 30 Bourik la reponn, li di l': -Eske se pa bourik ou mwen ye! Se pa sou mwen ou toujou moute depi tout tan jouk jòdi a? Ou janm wè mwen konn aji konsa avè ou? Balaram reponn: -Non! 31 Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè. 32 Zanj lan di l' konsa: -Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pa t' dwe al fè vwayaj sa a. 33 Men bourik ou a te wè m'. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l' mèsi, paske si li pa t' fè sa, mwen ta gen tan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l' anyen. 34 Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen. 35 Men, zanj Bondye a di li: -Ou mèt ale ak mesye yo. Sèlman, pa di anyen pase sa m'a di ou di. Se konsa Balaram ale ak chèf Balak te voye bò kote l' yo. 36 Lè Balak vin konnen Balaram t'ap vini, li pati, l' al kontre l' jouk Amoab, yon lavil sou fwontyè bò larivyè Anon an. 37 Balak di Balaram konsa: -Ki jan fè mwen voye moun al chache ou, ou pa vin jwenn mwen? Se konprann ou konprann mwen pa ta ka resevwa ou jan ou merite l' la? 38 Balaram reponn: -Apa mwen vini fwa sa a! Men mwen tou pale ou, se pawòl Bondye va mete nan bouch mwen ase m'ap di. 39 Se konsa, Balaram ale avèk Balak jouk yo rive lavil Kiriyat-Ousòt. 40 Rive la, Balak fè touye bèf ak mouton, epi li voye kèk moso vyann bay Balaram ansanm ak chèf ki te avè l' yo. 41 Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 22:1
Nu 22:1-20. Balak's First Message for Balaam Refused.
1. Israel ... pitched in the plains of Moab--so called from having formerly belonged to that people, though wrested from them by Sihon. It was a dry, sunken, desert region on the east of the Jordan valley, opposite Jericho.
Resansman 22:2
Resansman 22:4
Resansman 22:5
5. He sent messengers therefore unto Balaam--that is, "lord" or "devourer" of people, a famous soothsayer (Jos 13:22).
son of Beor--or, in the Chaldee form, Bosor--that is, "destruction."
Pethor--a city of Mesopotamia, situated on the Euphrates.
Resansman 22:6
6. Come ... curse me this people--Among the heathen an opinion prevailed that prayers for evil or curses would be heard by the unseen powers as well as prayers for good, when offered by a prophet or priest and accompanied by the use of certain rites. Many examples are found in the histories of the Greeks and Romans of whole armies being devoted to destruction, and they occur among the natives of India and other heathen countries still. In the Burmese war, magicians were employed to curse the British troops.
Resansman 22:7
7. the elders of Moab and ... of Midian departed with the rewards of divination--like the fee of a fortune teller, and being a royal present, it would be something handsome.
Resansman 22:8-15
8-14. Lodge here this night, and I will bring you word again, as the Lord shall speak unto me, &c.--God usually revealed His will in visions and dreams; and Balaam's birth and residence in Mesopotamia, where the remains of patriarchal religion still lingered, account for his knowledge of the true God. His real character has long been a subject of discussion. Some, judging from his language, have thought him a saint; others, looking to his conduct, have described him as an irreligious charlatan; and a third class consider him a novice in the faith, who had a fear of God, but who had not acquired power over his passions [Hengstenberg].
Resansman 22:19-20
19-20. tarry ye also here this night, that I may know what the Lord will say unto me more--The divine will, as formerly declared, not being according to his desires, he hoped by a second request to bend it, as he had already bent his own conscience, to his ruling passions of pride and covetousness. The permission granted to Balaam is in accordance with the ordinary procedure of Providence. God often gives up men to follow the impulse of their own lusts; but there is no approval in thus leaving them to act at the prompting of their own wicked hearts (Jos 13:27).
Resansman 22:21
Nu 22:21-41. The Journey.
21. Balaam ... saddled his ass--probably one of the white sprightly animals which persons of rank were accustomed to ride. The saddle, as usually in the East, would be nothing more than a pad or his outer cloak.
Resansman 22:22
22. God's anger was kindled because he went--The displeasure arose partly from his neglecting the condition on which leave was granted him--namely, to wait till the princes of Moab "came to call him" [Nu 22:20], and because, through desire for "the wages of unrighteousness" [2Pe 2:15], he entertained the secret purpose of acting in opposition to the solemn charge of God.
Resansman 22:24
24. the angel of the Lord stood in a path of the vineyards--The roads which lead through fields and vineyards are so narrow that in most parts a man could not pass a beast without care and caution. A stone or mud fence flanks each side of these roads, to prevent the soil being washed off by the rains.
Resansman 22:28
28. the Lord opened the mouth of the ass--to utter, like a parrot, articulate sounds, without understanding them. That this was a visionary scene is a notion which seems inadmissible, because of the improbability of a vision being described as an actual occurrence in the middle of a plain history. Besides, the opening of the ass's mouth must have been an external act, and that, with the manifest tenor of Peter's language, strongly favors the literal view [2Pe 2:15, 16]. The absence of any surprise at such a phenomenon on the part of Balaam may be accounted for by his mind being wholly engrossed with the prospect of gain, which produced "the madness of the prophet" [2Pe 2:16]. "It was a miracle, wrought to humble his proud heart, which had to be first subjected in the school of an ass before he was brought to attend to the voice of God speaking by the angel" [Calvin].
Resansman 22:34-35
34-35. I have sinned ... if it displease thee, I will get me back again--Notwithstanding this confession, he evinced no spirit of penitence, as he speaks of desisting only from the outward act. The words "go with the men" was a mere withdrawal of further restraint, but the terms in which leave was given are more absolute and peremptory than those in Nu 22:20.
Resansman 22:36-37
36-37. when Balak heard that Balaam was come, he went out to meet him--Politeness requires that the higher the rank of the expected guest, greater distance is to be gone to welcome his arrival.
Resansman 22:38
38. the word that God putteth in my mouth, that shall I speak--This appears a pious answer. It was an acknowledgment that he was restrained by a superior power.
Resansman 22:39
39. Kirjath-huzoth--that is, "a city of streets."
Resansman 22:40
40. Balak offered oxen and sheep--made preparations for a grand entertainment to Balaam and the princes of Midian.
Resansman 22:41
41. high places of Baal--eminences consecrated to the worship of Baal-peor (see on Nu 25:3) or Chemosh.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
