Resansman 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2 -Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay. 3 W'a renmèt Eleaza, prèt la, li. L'a fè l' soti andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fè yo touye l' devan je li. 4 Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a. 5 Lèfini, y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la. 6 Prèt la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a. 7 Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 8 Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. 9 Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal. 10 Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. 11 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye. 12 L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. 13 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a. 14 Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou. 15 Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye. 16 Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou. 17 Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li. 18 Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri. 19 Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye. 20 Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye. 21 Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a. 22 Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 19:2
Nu 19:1-22. The Water of Separation.
2. This is the ordinance of the law--an institution of a peculiar nature ordained by law for the purification of sin, and provided at the public expense because it was for the good of the whole community.
Speak unto the children of Israel, that they bring thee a red heifer without spot, &c.--This is the only case in which the color of the victim is specified. It has been supposed the ordinance was designed in opposition to the superstitious notions of the Egyptians. That people never offered a vow but they sacrificed a red bull, the greatest care being taken by their priests in examining whether it possessed the requisite characteristics, and it was an annual offering to Typhon, their evil being. By the choice, both of the sex and the color, provision was made for eradicating from the minds of the Israelites a favorite Egyptian superstition regarding two objects of their animal worship.
Resansman 19:3-6
3-6. ye shall give her unto Eleazar the priest that he may bring her forth without the camp--He was the second or deputy high priest, and he was selected for this duty because the execution of it entailed temporary defilement, from which the acting high priest was to be preserved with the greatest care. It was led "forth without the camp," in accordance with the law regarding victims laden with the sins of the people, and thus typical of Christ (He 13:12; also Le 24:14). The priest was to sprinkle the blood "seven times" before--literally, "towards" or "near" the tabernacle, a description which seems to imply either that he carried a portion of the blood in a basin to the door of the tabernacle (Le 4:17), or that in the act of sprinkling he turned his face towards the sacred edifice, being disqualified through the defiling influence of this operation from approaching close to it. By this attitude he indicated that he was presenting an expiatory sacrifice, for the acceptance of which he hoped, in the grace of God, by looking to the mercy seat. Every part of it was consumed by fire except the blood used in sprinkling, and the ingredients mixed with the ashes were the same as those employed in the sprinkling of lepers (Le 14:4-7). It was a water of separation--that is, of "sanctification" for the people of Israel.
Resansman 19:7
7. the priest shall be unclean until the even--The ceremonies prescribed show the imperfection of the Levitical priesthood, while they typify the condition of Christ when expiating our sins (2Co 5:21).
Resansman 19:11-22
11-22. He that toucheth the dead body of any man shall be unclean--This law is noticed here to show the uses to which the water of separation [Nu 19:9] was applied. The case of a death is one; and as in every family which sustained a bereavement the members of the household became defiled, so in an immense population, where instances of mortality and other cases of uncleanness would be daily occurring, the water of separation must have been in constant requisition. To afford the necessary supply of the cleansing mixture, the Jewish writers say that a red heifer was sacrificed every year, and that the ashes, mingled with the sprinkling ingredients, were distributed through all the cities and towns of Israel.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
