Lik 4

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a. 2 Se la Satan vin tante l' pandan karant jou. Tout jou sa yo li pa t' manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. 3 Satan di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa a lòd pou l' tounen pen. 4 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa ka viv ak pen sèlman. 5 Satan mennen l' yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l' tout peyi ki sou latè. 6 Li di Jezi konsa: M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. 7 Si ou mete ajenou devan m', tout bagay sa yo pou ou. 8 Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. 9 Apre sa, Satan mennen l' lavil Jerizalèm, li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan; li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. 10 Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. 11 Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou ankenn wòch. 12 Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. 13 Apre Satan fin sonde Jezi tout jan sa yo, li kite l' jouk la jwenn yon lòt okasyon. 14 Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a; li tounen, li ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. 15 Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj li. 16 Jezi ale lavil Nazarèt kote l' te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l' te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l' li pou yo. 17 Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l', li jwenn kote ki te ekri: 18 Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo, 19 pou m' fè yo konenn lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. 20 Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. li al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. 21 Lè sa a li kòmanse di yo: Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. 22 Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap soti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: Se pa pitit Jozèf la sa? 23 Jezi di yo: Koulye a, nou pral di pwovèb sa a sou mwen: Dòktè, geri tèt ou. N'a di m' tou: Nou tande tou sa ou te fè lavil Kapènawòm; fè yo isit la tou, nan peyi pa ou la. 24 Epi li di yo ankò: Men, sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yo pa janm resevwa yon pwofèt byen nan pwòp peyi li. 25 Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pa t' tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. 26 Men, Bondye pa t' voye Eli lakay yo yonn menm; se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li. 27 Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pa t' jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri. 28 Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo. 29 Yo leve, yo trennen l' andeyò lavil la; yo mennen l' sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l' anba nan falèz la. 30 Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li. 31 Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 32 Yo te sezi tande sa l' t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gen dwa di sa l'ap di a. 33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: 34 Ey, kisa nou gen avè ou, Jezi, nonm Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye; ou se moun Bondye chwazi a. 35 Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: Pe la! Soti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li soti, li ale san l' pa fè l' ankenn mal. 36 Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: Ki pawòl sa a ye menm? Avèk otorite ak pouvwa li pase move lespri yo lòd sevè epi yo soti, y' ale. 37 Se tout moun ki t'ap nonmen non l' nan tout peyi a. 38 Jezi soti, li kite sinagòg la, li ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te gen yon gwo lafyèb cho sou li. Yo mande Jezi pou l' fè kichòy pou li. 39 Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. 40 Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo. 41 Anpil move lespri tou te soti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pa t' kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye. 42 Kou l' fè jou, Jezi soti, li ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l' pou l' pa t' kite yo. 43 Men li di yo: Fòk m' anonse bon nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen. 44 Se konsa, li t'ap mache bay mesaj la nan sinagòg Jide yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 4:16

Lu 4:1-13. Temptation of Christ.

(See on Mt 4:1-11.)

Lu 4:14-32. Jesus Entering on His Public Ministry, Makes a Circuit of Galilee--Rejection at Nazareth.

Note.--A large gap here occurs, embracing the important transactions in Galilee and Jerusalem which are recorded in Joh 1:29-4:54, and which occurred before John's imprisonment (Joh 3:24); whereas the transactions here recorded occurred (as appears from Mt 4:12, 13) after that event. The visit to Nazareth recorded in Mt 13:54-58 (and Mr 6:1-6) we take to be not a later visit, but the same with this first one; because we cannot think that the Nazarenes, after being so enraged at His first display of wisdom as to attempt His destruction, should, on a second display of the same, wonder at it and ask how He came by it, as if they had never witnessed it before.

16. as his custom was--Compare Ac 17:2.

stood up for to read--Others besides rabbins were allowed to address the congregation. (See Ac 13:15.)

Lik 4:18-19

18-19. To have fixed on any passage announcing His sufferings (as Is 53:1-12), would have been unsuitable at that early stage of His ministry. But He selects a passage announcing the sublime object of His whole mission, its divine character, and His special endowments for it; expressed in the first person, and so singularly adapted to the first opening of the mouth in His prophetic capacity, that it seems as if made expressly for this occasion. It is from the well-known section of Isaiah's prophecies whose burden is that mysterious "Servant of the Lord," despised of man, abhorred of the nation, but before whom kings on seeing Him are to arise, and princes to worship; in visage more marred than any man and His form than the sons of men, yet sprinkling many nations; laboring seemingly in vain, and spending His strength for naught and in vain, yet Jehovah's Servant to raise up the tribes of Jacob and be His Salvation to the ends of the earth (Is 49:1-26, &c.). The quotation is chiefly from the Septuagint version, used in the synagogues.

Lik 4:20

20. the minister--the chazan, or synagogue-officer.

all eyes ... fastened on Him--astounded at His putting in such claims.

Lik 4:21

21. began to say, &c.--His whole address was just a detailed application to Himself of this and perhaps other like prophecies.

Lik 4:22

22. gracious words--"the words of grace," referring both to the richness of His matter and the sweetness of His manner (Psa 45:2).

Is not this, &c.--(See on Mt 13:54-56). They knew He had received no rabbinical education, and anything supernatural they seemed incapable of conceiving.

Lik 4:23

23. this proverb--like our "Charity begins at home."

whatsoever, &c.--"Strange rumors have reached our ears of Thy doings at Capernaum; but if such power resides in Thee to cure the ills of humanity, why has none of it yet come nearer home, and why is all this alleged power reserved for strangers?" His choice of Capernaum as a place of residence since entering on public life was, it seems, already well known at Nazareth; and when He did come thither, to give no displays of His power when distant places were ringing with His fame, wounded their pride. He had indeed "laid his hands on a few sick folk and healed them" (Mr 6:5); but this seems to have been done quite privately the general unbelief precluding anything more open.

Lik 4:24

24. And he said, &c.--He replies to the one proverb by another, equally familiar, which we express in a rougher form--"Too much familiarity breeds contempt." Our Lord's long residence in Nazareth merely as a townsman had made Him too common, incapacitating them for appreciating Him as others did who were less familiar with His everyday demeanor in private life. A most important principle, to which the wise will pay due regard. (See also Mt 7:6, on which our Lord Himself ever acted.)

Lik 4:25-27

25-27. But I tell you, &c.--falling back for support on the well-known examples of Elijah and Elisha (Eliseus), whose miraculous power, passing by those who were near, expended itself on those at a distance, yea on heathens, "the two great prophets who stand at the commencement of prophetic antiquity, and whose miracles strikingly prefigured those of our Lord. As He intended like them to feed the poor and cleanse the lepers, He points to these miracles of mercy, and not to the fire from heaven and the bears that tore the mockers" [Stier].

three years and six months--So Jas 5:17, including perhaps the six months after the last fall of rain, when there would be little or none at any rate; whereas in 1Ki 18:1, which says the rain returned "in the third year," that period is probably not reckoned.

Lik 4:28-29

28-29. when they heard these things--these allusions to the heathen, just as afterwards with Paul (Ac 22:21, 22).

Lik 4:30

30. passing through the midst, &c.--evidently in a miraculous way, though perhaps quite noiselessly, leading them to wonder afterwards what spell could have come over them, that they allowed Him to escape. (Similar escapes, however, in times of persecution, are not unexampled.)

Lik 4:31

31. down to Capernaum--It lay on the Sea of Galilee (Mt 4:13), whereas Nazareth lay high.

Lik 4:33

Lu 4:33-37. Demoniac Healed.

33. unclean--The frequency with which this character of impurity is applied to evil spirits is worthy of notice.

cried out, &c.--(See Mt 8:29; Mr 3:11).

Lik 4:35

35. rebuked them, &c.--(See on Lu 4:41).

thrown him, &c.--See on Mr 9:20.

Lik 4:36

36. What a word--a word from the Lord of spirits.

Lu 4:38-41. Peter's Mother-in-law and Many Others, Healed.

(See on Mt 8:14-17.)

Lik 4:41

41. suffered them not to speak--The marginal reading ("to say that they knew him to be Christ") here is wrong. Our Lord ever refused testimony from devils, for the very reason why they were eager to give it, because He and they would thus seem to be one interest, as His enemies actually alleged. (See on Mt 12:24, &c.; see also Ac 16:16-18.)

Lu 4:42-44. Jesus Sought Out at Morning Prayer, and Entreated to Stay, Declines from the Urgency of His Work.

See on Mr 1:35-39, where we learn how early He retired, and how He was engaged in solitude when they came seeking Him.

Lik 4:42

42. stayed him--"were staying Him," or sought to do it. What a contrast to the Gadarenes! The nature of His mission required Him to keep moving, that all might hear the glad tidings (Mt 8:34).

Lik 4:43

43. I must, &c.--but duty only could move Him to deny entreaties so grateful to His spirit.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.