Lik 3

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan tan sa a, Seza Tibè te gen kenzan depi li te wa; Pons Pilat t'ap kòmande nan peyi Jide; Ewòd menm te chèf nan peyi Galile; Filip, frè Ewòd la, te chèf nan peyi Litoure ak nan rejyon Trakonit; Lizanyas te chèf nan Labilèn. 2 Lè sa a, se An ak Kayif ki t'ap sèvi tankou granprèt. Nan menm epòk sa a, Bondye pale ak Jan, pitit Zakari a, ki te nan dezè a. 3 Jan mache nan tout peyi bò larivyè Jouden an; li t'ap bay mesaj sa a: Tounen vin jwenn Bondye. vin resevwa batèm: Bondye va padonnen peche nou yo. 4 Se konsa, sa ki te ekri nan Liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi a vin rive vre: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. 5 Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl. 6 Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an. 7 Moun t'ap vin an foul bò kote Jan pou l' te batize yo. Lè konsa li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? 8 Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. 9 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife. 10 Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm? 11 Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt. 12 Kèk pèseptè kontribisyon te vini tou pou l' te batize yo. Yo mande Jan: Mèt, kisa pou nou fè? 13 Li reponn yo: Pa fè moun peye plis pase sa lalwa mande a. 14 Kèk sòlda tou mande li: E nou menm, kisa pou nou fè? Li reponn yo: Pa fè brital ak pesonn. Pa fè manti sou pesonn pou pran lajan nan men yo. Fè kè nou kontan ak sa yo peye nou an. 15 Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la. 16 Lè sa a, Jan di yo tout: Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Laye l' nan men li, l'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. 18 Se avèk anpil lòt pawòl konsa Jan t'ap ba yo konsèy, li t'ap anonse bon nouvèl la bay pèp la. 19 Men, Jan te fè chèf Ewòd repwòch poutèt Ewodyad, madanm frè li a, li te pran pou madanm li, ak pou anpil lòt move zak li te fè. 20 Le sa a, Ewòd mete ankò sou sa l' te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon. 21 Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri. 22 Sentespri a desann sou li an fòm yon ti pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: Ou se Pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil. 23 Jezi te gen trantan konsa lè l' kòmanse travay li. Dapre sa yo te kwè, li te pitit Jozèf, Jozèf sa a te pitit Eli. 24 Eli te pitit Matat, Matat te pitit Levi, Levi te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Janayi, Janayi te pitit Jozèf. 25 Jozèf te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Amòs, Amòs te pitit Nawoum, Nawoum te pitit Esli, Esli te pitit Nagayi. 26 Nagayi te pitit Maat, Maat te pitit Matatyas, Matatyas te pitit Semeyin, Semeyin te pitit Jozèk, Jozèk te pitit Joda. 27 Joda te pitit Joanan, Joanan te pitit Reza, Reza te pitit Zowobabèl, Zowobabèl te pitit Salasyèl, Salasyèl te pitit Neri. 28 Neri te pitit Mèlki, Mèlki te pitit Adi, Adi te pitit Kozam, Kozam te pitit Elmadam, Elmadam te pitit Er. 29 Er te pitit Jezi, Jezi te pitit Elyezè, Elyezè te pitit Jorim, Jorim te pitit Matat, Matat te pitit Levi. 30 Levi te pitit Simeyon, Simeyon te pitit Jida, Jida te pitit Jozèf, Jozèf te pitit Jonam, Jonam te pitit Elyakim. 31 Elyakim te pitit Melea, Melea te pitit Mena, Mena te pitit Matata, Matata te pitit Natan, Natan te pitit David. 32 David te pitit Izayi, Izayi te pitit Jobèd, Jobèd te pitit Booz, Booz te pitit Sala, Sala te pitit Naason. 33 Naason te pitit Aminadab, Aminadab te pitit Admen, Admen te pitit Ani, Ani te pitit Eswòm, Eswòm te pitit Perèz, Perèz te pitit Jida. 34 Jida te pitit Jakòb, Jakòb te pitit Izarak, Izarak te pitit Abraram, Abraram te pitit Tara, Tara te pitit Nakò. 35 Nakò te pitit Sewouk, Sewouk te pitit Rago, Rago te pitit Falèk, Falèk te pitit Ebè, Ebè te pitit Sala. 36 Sala te pitit Kayinam, Kayinam te pitit Afaksad, Afaksad te pitit Sèm, Sèm te pitit Noe, Noe te pitit Lamèk. 37 Lamèk te pitit Matizala, Matizala te pitit Enòk, Enòk te pitit Jarèd, Jarèd te pitit Maleleyèl, Maleleyèl te pitit Kaynan. 38 Kaynan te pitit Enòs, Enòs te pitit Sèt, Sèt te pitit Adan, epi Adan te pitit Bondye.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 3:1-2

Lu 3:1-20. Preaching, Baptism, and Imprisonment of John.

(See on Mt 3:1-12; Mr 6:17, &c.).

1-2. Here the curtain of the New Testament is, as it were, drawn up, and the greatest of all epochs of the Church commences. Even our Lord's own age (Lu 3:23) is determined by it [Bengel]. No such elaborate chronological precision is to be found elsewhere in the New Testament, and it comes fitly from him who claims it as the peculiar recommendation of his Gospel, that he had "accurately traced down all things from the first" (Lu 1:3). Here, evidently, commences his proper narrative. Also see on Mt 3:1.

the fifteenth year of Tiberius--reckoning from the period when he was admitted, three years before Augustus' death, to a share of the empire [Webster and Wilkinson], about the end of the year of Rome 779, or about four years before the usual reckoning.

Pilate ... governor of Judea--His proper title was Procurator, but with more than the usual powers of that office. After holding it about ten years he was ordered to Rome, to answer to charges brought against him, but ere he arrived Tiberius died (A.D. 35), and soon after Pilate committed suicide.

Herod--(See on Mr 6:14).

Philip--a different and very superior Philip to the one whose wife Herodias went to live with Herod Antipas. (See Mr 6:17).

Iturea--to the northeast of Palestine; so called from Ishmael's son Itur or Jetur (1Ch 1:31), and anciently belonging to the half tribe of Manasseh.

Trachonitis--farther to the northeast, between Iturea and Damascus; a rocky district, infested by robbers, and committed by Augustus to Herod the Great to keep in order.

Abilene--still more to the northeast, so called from Abila, eighteen miles from Damascus [Robinson].

Lik 3:5

5. Every valley, &c.--levelling and smoothing, obvious figures, the sense of which is in the first words of the proclamation, "Prepare ye the way of the Lord."

Lik 3:6

6. all flesh, &c.--(quoted literally from the Septuagint of Is 40:5). The idea is that every obstruction shall be so removed as to reveal to the whole world the Salvation of God in Him whose name is the "Saviour" (compare Psa 98:3; Is 11:10; 49:6; 52:10; Lu 2:31, 32; Ac 13:47).

Lik 3:10-14

10-14. What shall we do then?--to show the sincerity of our repentance. (Also see on Mt 3:10.)

Lik 3:15-17

15-17. whether he were the Christ--showing both how successful he had been in awakening the expectation of Messiah's immediate appearing, and the high estimation, and even reverence, which his own character commanded. (Also see on Mt 3:10.)

Lik 3:18

18. many other things, &c.--such as we read in Joh 1:29, 33, 34; 3:27-36. (Also see on Mt 3:12.)

Lik 3:19-20

19-20. But Herod, &c.--See on Mr 6:14, &c. (Also see on Mt 3:12.)

and for all the evils which Herod had done--important fact here only mentioned, showing how thoroughgoing was the fidelity of the Baptist to his royal hearer, and how strong must have been the workings of conscience in that slave of passion when, notwithstanding such plainness, he "did many things and heard John gladly" (Mr 6:20, 26).

Lik 3:21

21. when all the people were baptized--that He might not seem to be merely one of the crowd. Thus, as He rode into Jerusalem upon an ass, "whereon yet never man sat" (Lu 19:30), and lay in a sepulchre "wherein was never man yet laid" (Joh 19:41), so in His baptism He would be "separate from sinners."

Lik 3:23

Lu 3:23-38. Genealogy of Jesus.

23. he began to be about thirty--that is, "was about entering on His thirtieth year." So our translators have taken the word (and so Calvin, Beza, Bloomfield, Webster and Wilkinson, &c.): but "was about thirty years of age when He began [His ministry]," makes better Greek, and is probably the true sense [Bengel, Olshausen, De Wette, Meyer, Alford, &c.]. At this age the priests entered on their office (Nu 4:3).

being, as was supposed, the son of Joseph, &c.--Have we in this genealogy, as well as in Matthew's, the line of Joseph? or is this the line of Mary?--a point on which there has been great difference of opinion and much acute discussion. Those who take the former opinion contend that it is the natural sense of this verse, and that no other would have been thought of but for its supposed improbability and the uncertainty which it seems to throw over our Lord's real descent. But it is liable to another difficulty; namely, that in this case Matthew makes Jacob, while Luke makes "Heli," to be Joseph's father; and though the same man had often more than one name, we ought not to resort to that supposition, in such a case as this, without necessity. And then, though the descent of Mary from David would be liable to no real doubt, even though we had no table of her line preserved to us (see, for example, Lu 1:2-32, and see on Lu 2:5), still it does seem unlikely--we say not incredible--that two genealogies of our Lord should be preserved to us, neither of which gives his real descent. Those who take the latter opinion, that we have here the line of Mary, as in Matthew that of Joseph--here His real, there His reputed line--explain the statement about Joseph, that he was "the son of Hell," to mean that he was his son-in-law, as the husband of his daughter Mary (as in Ru 1:11, 12), and believe that Joseph's name is only introduced instead of Mary's, in conformity with the Jewish custom in such tables. Perhaps this view is attended with fewest difficulties, as it certainly is the best supported. However we decide, it is a satisfaction to know that not a doubt was thrown out by the bitterest of the early enemies of Christianity as to our Lord's real descent from David. On comparing the two genealogies, it will be found that Matthew, writing more immediately for Jews, deemed it enough to show that the Saviour was sprung from Abraham and David; whereas Luke, writing more immediately for Gentiles, traces the descent back to Adam, the parent stock of the whole human family, thus showing Him to be the promised "Seed of the woman." "The possibility of constructing such a table, comprising a period of thousands of years, in an uninterrupted line from father to son, of a family that dwelt for a long time in the utmost retirement, would be inexplicable, had not the members of this line been endowed with a thread by which they could extricate themselves from the many families into which every tribe and branch was again subdivided, and thus hold fast and know the member that was destined to continue the lineage. This thread was the hope that Messiah would be born of the race of Abraham and David. The ardent desire to behold Him and be partakers of His mercy and glory suffered not the attention to be exhausted through a period embracing thousands of years. Thus the member destined to continue the lineage, whenever doubtful, became easily distinguishable, awakening the hope of a final fulfilment, and keeping it alive until it was consummated" [Olshausen].

Lik 3:24-30

24-30. son of Matthat, &c.--(See on Mt 1:13-15). In Lu 3:27, Salathiel is called the son, while in Mt 1:12, he is called the father of Zerubbabel. But they are probably different persons.

Lik 3:38

38. son of God--Compare Ac 17:28.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.