Lik 24

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a. 2 Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a. 3 Yo antre, men yo pa jwenn kò Seyè Jezi. 4 Yo te la konsa, yo pa t' konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere. 5 Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo? 6 (Li pa isit; li leve soti vivan nan lanmò.) Chonje sa l' te di nou lè l' te Galile a: 7 Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo; yo gen pou yo kloure l' sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve soti vivan ankò. 8 Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo. 9 Yo soti kite kavo a, y' al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo. 10 Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jan ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la. 11 Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pa t' kwè yo. 12 Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a. 13 Menm jou sa a, te gen de disip ki tapral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. 14 De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. 15 Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. 16 Yo te wè l', men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. 17 Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. 18 Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sak te rive nan senmenn ki sot pase a? 19 Li di yo: Ki sak te rive konsa? Yo reponn li: Tou sak te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. 20 Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l' amò, epi yo kloure l' sou yon kwa. 21 Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pep Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. 22 Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. 23 Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. 24 Gen kèk zanmi nou yo ki al nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l' la; men li menm, yo pa wè li. 25 Lè sa a Jezi di yo: Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa! 26 Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l' te resevwa lwanj li? 27 Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo; li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo. 28 Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen. 29 Yo kenbe l', yo di li: Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l' rete ak yo. 30 Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li. 31 Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo. 32 Yonn pran di lòt: Eske nou pa t' santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l' t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l' t'ap esplike nou sak te ekri nan Liv yo? 33 Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo. 34 Yo tout yo t'ap di: Se vre wi, Seyè a leve vivan. Simon wè li. 35 Lè sa a, de disip yo pran rakonte sak te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l' te kase pen an. 36 Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout. 37 Yo te pè, yo pran tranble: yo te kwè se yon revenan. 38 Men, Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Pouki tout lide sa yo nan tèt nou? 39 Gade men m' ak pye m' yo. Se mwen menm wi. Nou mèt mangen m'. Gade m' byen: yon revenan pa gen vyann ak zo jan nou wè m' genyen an. 40 Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l' ak pye l' yo. 41 Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pa t' kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: Eske nou gen kichòy la a pou manje? 42 Yo ofri l' yon moso pwason boukannen. 43 Li pran l', li manje l' devan je yo. 44 Epi li di yo: Men sa m' t'ap di nou an lè m' te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. 45 Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. 46 Li di yo: Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l' soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l' soti vivan nan lanmò. 47 Y'a pran non l' pou yo mache fè konnen mesaj la nan tout peyi, kòmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. 48 Nou temwen tout bagay sa yo. 49 Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou. 50 Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l' beni yo. 51 Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. 52 Yo menm menm, lè yo fin adore l', yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. 53 Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 24:5

Lu 24:1-12. Angelic Announcement to the Women That Christ Is Risen--Peter's Visit to the Empty Sepulchre.

(See on Mr 16:1-8; and Mt 28:1-5).

5. Why, &c.--Astonishing question! not "the risen," but "the Living One" (compare Re 1:18); and the surprise expressed in it implies an incongruity in His being there at all, as if, though He might submit to it, "it was impossible He should be holden of it" (Ac 2:24).

Lik 24:6

6. in Galilee--to which these women themselves belonged (Lu 23:55).

Lik 24:7

7. Saying, &c.--How remarkable it is to hear angels quoting a whole sentence of Christ's to the disciples, mentioning where it was uttered, and wondering it was not fresh in their memory, as doubtless it was in theirs! (1Ti 3:16, "seen of angels," and 1Pe 1:12).

Lik 24:13

Lu 24:13-35. Christ Appears to the Two Going to Emmaus.

13. two of them--One was Cleopas (Lu 24:18); who the other was is mere conjecture.

Emmaus--about seven and a half miles from Jerusalem. They probably lived there and were going home after the Passover.

Lik 24:14-16

14-16. communed and reasoned--exchanged views and feelings, weighing afresh all the facts, as detailed in Lu 24:18-24.

drew near--coming up behind them as from Jerusalem.

eyes holden--Partly He was "in another form" (Mr 16:12), and partly there seems to have been an operation on their own vision; though certainly, as they did not believe that He was alive, His company as a fellow traveller was the last thing they would expect,

Lik 24:17-24

17-24. communications, &c.--The words imply the earnest discussion that had appeared in their manner.

Lik 24:25-27

25-27. fools--senseless, without understanding.

Lik 24:32-34

32-34. They now tell each to the other how their hearts burned--were fired--within them at His talk and His expositions of Scripture. "Ah! this accounts for it: We could not understand the glow of self-evidencing light, love, glory that ravished our hearts; but now we do." They cannot rest--how could they?--they must go straight back and tell the news. They find the eleven, but ere they have time to tell their tale, their ears are saluted with the thrilling news, "The Lord is risen indeed, and hath appeared to Simon." Most touching and precious intelligence this. The only one of the Eleven to whom He appeared alone was he, it seems, who had so shamefully denied Him. What passed at that interview we shall never know here. Probably it was too sacred for disclosure. (See on Mr 16:7). The two from Emmaus now relate what had happened to them, and while thus comparing notes of their Lord's appearances, lo! Christ Himself stands in the midst of them. What encouragement to doubting, dark, true-hearted disciples!

Lik 24:36

Lu 24:36-53. Jesus Appears to the Assembled Disciples--His Ascension.

36. Jesus ... stood--(See on Joh 20:19).

Lik 24:37-38

37-38. a spirit--the ghost of their dead Lord, but not Himself in the body (Ac 12:15; Mt 14:26).

thoughts--rather, "reasonings"; that is, whether He were risen or no, and whether this was His very self.

Lik 24:39-43

39-43. Behold, &c.--lovingly offering them both ocular and tangible demonstration of the reality of His resurrection.

a spirit hath not--an important statement regarding "spirits."

flesh and bones--He says not "flesh and blood"; for the blood is the life of the animal and corruptible body (Ge 9:4), which "cannot inherit the kingdom of God" (1Co 15:50); but "flesh and bones," implying the identity, but with diversity of laws, of the resurrection body. (See on Joh 20:24-28).

Lik 24:44-49

44-49. These are the words, &c.--that is, "Now you will understand what seemed so dark to you when I told you about the Son of man being put to death and rising again" (Lu 18:31-34).

while ... yet with you--a striking expression, implying that He was now, as the dead and risen Saviour, virtually dissevered from this scene of mortality, and from all ordinary intercourse with His mortal disciples.

law ... prophets ... psalms--the three Jewish divisions of the Old Testament Scriptures.

Lik 24:50-53

50-53. to Bethany--not to the village itself, but on the "descent" to it from Mount Olivet.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.