Lik 16

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. 2 Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. 3 Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! 4 Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. 5 Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? 6 Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. 7 Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. 8 Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. 9 Jezi di yo ankò: Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. 10 Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, la kenbe l' nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay non plis. 11 Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? 12 Si ou pa t' sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sak pou ou a? 13 Pesonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, men l'ap meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. 14 Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. 15 Lè sa a Jezi di yo: Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè. 16 Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li. 17 Men, l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li. 18 Si yon nonm kite ak madanm li pou l' marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou. 19 Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. 20 Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. 21 Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. 22 Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. 23 Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. 24 Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. 25 Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. 26 Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y' al jwenn ou, osinon pou moun ta soti kote ou ye a pou vin jwenn nou. 27 Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. 28 Mwen gen senk frè. Mwen ta vle li al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. 29 Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. 30 Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. 31 Lè sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pesonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Lik 16:1

Lu 16:1-31. Parables of the Unjust Steward and of the Rich Man and Lazarus, or, the Right Use of Money.

1. steward--manager of his estate.

accused--informed upon.

had wasted--rather, "was wasting."

Lik 16:3

3. cannot dig ... to beg, ashamed--therefore, when dismissed, shall be in utter want.

Lik 16:4

4. may receive me, &c.--Observe his one object--when cast out of one home to secure another. This is the key to the parable, on which there have been many differing views.

Lik 16:5-7

5-7. fifty ... fourscore--deducting a half from the debt of the one, and a fifth from that of the other.

Lik 16:8

8. the lord--evidently the steward's lord, so called in Lu 16:3, 5.

commended, &c.--not for his "injustice," but "because he had done wisely," or prudently; with commendable foresight and skilful adaptation of means to end.

children of this world--so Lu 20:34; compare Psa 17:14 ("their portion in this life"); Php 3:19 ("mind earthly things"); Psa 4:6, 7.

their generation--or "for their generation"--that is, for the purposes of the "world" they are "of." The greater wisdom (or shrewdness) of the one, in adaptation of means to ends, and in energetic, determined prosecution of them, is none of it for God and eternity--a region they were never in, an atmosphere they never breathed, an undiscovered world, an unborn existence to them--but all for the purposes of their own grovelling and fleeting generation.

children of light--(so Joh 12:36; Ep 5:8; 1Th 5:5). Yet this is only "as night-birds see better in the dark than those of the day owls than eagles" [Cajetan and Trench]. But we may learn lessons from them, as our Lord now shows, and "be wise as serpents."

Lik 16:9

9. Make ... friends of--Turn to your advantage; that is, as the steward did, "by showing mercy to the poor" (Da 4:27; compare Lu 12:33; 14:13, 14).

mammon of unrighteousness--treacherous, precarious. (See on Mt 6:24).

ye fail--in respect of life.

they may receive you--not generally, "ye may be received" (as Lu 6:38, "shall men give"), but "those ye have relieved may rise up as witnesses for you" at the great day. Then, like the steward, when turned out of one home shall ye secure another; but better than he, a heavenly for an earthly, an everlasting for a temporary habitation. Money is not here made the key to heaven, more than "the deeds done in the body" in general, according to which, as a test of character--but not by the merit of which--men are to be judged (2Co 5:10, and see Mt 25:34-40).

Lik 16:10

10. He, &c.--a maxim of great pregnancy and value; rising from the prudence which the steward had to the fidelity which he had not, the "harmlessness of the dove, to which the serpent" with all his "wisdom" is a total stranger. Fidelity depends not on the amount entrusted, but on the sense of responsibility. He that feels this in little will feel it in much, and conversely.

Lik 16:11-12

11-12. unrighteous mammon--To the whole of this He applies the disparaging term "what is least," in contrast with "the true riches."

Lik 16:13

13. can serve--be entirely at the command of; and this is true even where the services are not opposed.

hate ... love--showing that the two here intended are in uncompromising hostility to each other: an awfully searching principle!

Lik 16:14-18

14-18. covetous ... derided him--sneered at Him; their master sin being too plainly struck at for them to relish. But it was easier to run down than to refute such teaching.

Lik 16:19

19. purple and fine linen, &c.--(Compare Es 8:15; Re 18:12); wanting nothing which taste and appetite craved and money could procure.

Lik 16:20-21

20-21. laid--having to be carried and put down.

full of sores--open, running, "not closed, nor bound up, nor mollified with ointment" (Is 1:6).

Lik 16:22

22. died--His burial was too unimportant to mention; while "the rich man died and was buried"--his carcass carried in pomp to its earthly resting-place.

in to Abraham's bosom--as if seen reclining next to Him at the heavenly feast (Mt 8:11).

Lik 16:23

23. in hell--not the final place of the lost (for which another word is used), but as we say "the unseen world." But as the object here is certainly to depict the whole torment of the one and the perfect bliss of the other, it comes in this case to much the same.

seeth Abraham--not God, to whom therefore he cannot cry [Bengel].

Lik 16:24

24. Father Abraham--a well-founded, but unavailing, claim of natural descent (Lu 3:8; Joh 8:37).

mercy on me--who never showed any (Jas 2:3).

send Lazarus--the pining victim of his merciless neglect.

that he may--take me hence? No; that he dares not to ask.

dip ... tongue--that is the least conceivable and the most momentary abatement of his torment; that is all. But even this he is told is (1) unreasonable.

Lik 16:25-26

25-26. Son--stinging acknowledgment of the claimed relationship.

thou ... Lazarus, &c.--As it is a great law of God's kingdom, that the nature of our present desires shall rule that of our future bliss, so by that law, he whose "good things," craved and enjoyed, were all bounded by time, could look for none after his connection with time had come to an end (Lu 6:24). But by this law, he whose "evil things," all crowded into the present life, drove him to seek, and find, consolation in a life beyond the grave, is by death released from all evil and ushered into unmixed and uninterrupted good (Lu 6:21). (2) It is impossible.

Lik 16:27-31

27-31. Then he said--now abandoning all hope for himself.

send him to my father's house, &c.--no waking up of good in the heart of the lost, but bitter reproach against God and the old economy, as not warning him sufficiently [Trench]. The answer of Abraham is, They are sufficiently warned.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.