Lik 12
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a. 2 Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè, nanpwen sekrè ki p'ap devwale. 3 Se poutèt sa, tou sa n'a di nan fènwa, y'a tande l' gwo lajounen; tout sa n'a di moun nan zòrèy anndan chanm, y'a mache di l' nan tout kalfou. 4 Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. 5 M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l' jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè. 6 Eske ti zwezo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo. 7 Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo. 8 M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo. 9 Men, moun ki va di devan lèzòm li pa konnen m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a kanpe devan zanj Bondye yo tou m'a di mwen pa konnen l'. 10 Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa. 11 Lè y'a mennen nou pou yo jije nou nan sinagòg, osinon devan chèf ou ankò devan lòt otorite, pa bat tèt nou pou n' chache konnen ki jan nou pral fè defans nou, ni kisa pou n' di. 12 Paske, Sentespri a va moutre nou sa pou nou di lè sa a. 13 Yon moun rete nan mitan foul la, li di Jezi konsa: Mèt, di frè m' lan pou l' separe eritaj papa nou an avèk mwen. 14 Jezi reponn li: Zanmi mwen, ki moun ki mete m' pou jije afè nou osinon pou fè pataj pou nou? 15 Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. 16 Li di yo parabòl sa a tou: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l' anpil. 17 Li t'ap di nan kè li: Kisa pou m' fè? Mwen pa gen plas pou m' sere rekòt mwen yo. 18 Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. 19 Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. 20 Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? 21 Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye. 22 Apre sa, Jezi di disip li yo: Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou manje nou bezwen pou nou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou nou. 23 Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad. 24 Gade zwezo yo rele kònèy la: yo pa plante, yo pa fè rekòt; yo pa gen ni depo ni galata. Men, Bondye ba yo manje. Nou menm nou vo pi plis pase zwezo yo, pa vre? 25 Kilès nan nou ki ka mete kek lanne an plis sou lavi l' afòs li fè tèt li travay? 26 Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo? 27 Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pa t' gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. 28 Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye! 29 Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè. 30 Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon sou latè yo k'ap chache yo tout tan san rete. Men nou menm, nou gen yon Papa ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Pito nou chache bay bagay peyi kote Bondye Wa a premye plas nan lavi nou, konsa Bondye va ban nou tou sa nou bezwen. 32 Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a. 33 Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. 34 Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. 35 Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen, 36 tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l' rive, li frape, yo louvri pòt pou li. 37 L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo. 38 Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l' jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou. 39 Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. 40 Nou menm tou, se pou n' toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a va vini lè nou pa ta kwè! 41 Lè sa a Pyè di li: Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li? 42 Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. 43 Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la. 44 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. 45 Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; 46 mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. 47 Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. 48 Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li. 49 Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja! 50 Mwen gen yon batèm pou m' resevwa. Men, mwen twouve l' pran anpil tan pou l' rive. 51 Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon. 52 Depi koulye a, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa. 53 Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè. 54 Jezi t'ap di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nwaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sak rive vre. 55 Lè nou wè van an soufle soti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sak rive vre. 56 Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase koulye a nan tan sa a? 57 Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat? 58 Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n' chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon. 59 M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Lik 12:1-3
Lu 12:1-12. Warning against Hypocrisy.
1-3. meantime--in close connection, probably, with the foregoing scene. Our Lord had been speaking out more plainly than ever before, as matters were coming to a head between Him and His enemies, and this seems to have suggested to His own mind the warning here. He had just Himself illustriously exemplified His own precepts.
his disciples first of all--afterwards to "the multitudes" (Lu 12:54).
covered--from the view.
Lik 12:4-5
4-5. I say, &c.--You will say, That may cost us our life. Be it so; but, "My friends, there their power ends." He calls them "my friends" here, not in any loose sense, but, as we think, from the feeling He then had that in this "killing of the body" He and they were going to be affectingly one with each other.
Lik 12:6-7
6-7. five ... for two farthings--In Mt 10:29 it is "two for one farthing"; so if one took two farthings' worth, he got one in addition--of such small value were they.
than many sparrows--not "than millions of sparrows"; the charm and power of our Lord's teaching is very much in this simplicity.
Lik 12:8-9
8-9. confess ... deny--The point lies in doing it "before men," because one has to do it "despising the shame." But when done, the Lord holds Himself bound to repay it in kind by confessing such "before the angels of God." For the rest, see on Lu 9:26.
Lik 12:10
Lik 12:13
Lu 12:13-53. Covetousness--Watchfulness--Superiority to Earthly Ties.
13. Master, &c.--that is, "Great Preacher of righteousness, help; there is need of Thee in this rapacious world; here am I the victim of injustice, and that from my own brother, who withholds from me my rightful share of the inheritance that has fallen to us." In this most inopportune intrusion upon the solemnities of our Lord's teaching, there is a mixture of the absurd and the irreverent, the one, however, occasioning the other. The man had not the least idea that his case was not of as urgent a nature, and as worthy the attention of our Lord, as anything else He could deal with.
Lik 12:14
14. Man, &c.--Contrast this style of address with "my friends," (Lu 12:4).
who, &c.--a question literally repudiating the office which Moses assumed (Ex 2:14). The influence of religious teachers in the external relations of life has ever been immense, when only the INDIRECT effect of their teaching; but whenever they intermeddle DIRECTLY with secular and political matters, the spell of that influence is broken.
Lik 12:15
15. unto them--the multitude around Him (Lu 12:1).
of covetousness--The best copies have "all," that is, "every kind of covetousness"; because as this was one of the more plausible forms of it, so He would strike at once at the root of the evil.
a man's life, &c.--a singularly weighty maxim, and not less so because its meaning and its truth are equally evident.
Lik 12:16-19
16-19. a certain rich man, &c.--Why is this man called a "fool?" (Lu 12:20) (1) Because he deemed a life of secure and abundant earthly enjoyment the summit of human felicity. (2) Because, possessing the means of this, through prosperity in his calling, he flattered himself that he had a long lease of such enjoyment, and nothing to do but give himself up to it. Nothing else is laid to his charge.
Lik 12:20-21
20-21. this night, &c.--This sudden cutting short of his career is designed to express not only the folly of building securely upon the future, but of throwing one's whole soul into what may at any moment be gone. "Thy soul shall be required of thee" is put in opposition to his own treatment of it, "I will say to my soul, Soul," &c.
whose shall those things be, &c.--Compare Psa 39:6, "He heapeth up riches and knoweth not who shall gather them."
Lik 12:22-31
22-31. (See on Mt 6:25-33).
Lik 12:32
32. little flock, &c.--How sublime and touching a contrast between this tender and pitying appellation, "Little flock" (in the original a double diminutive, which in German can be expressed, but not in English)--and the "good pleasure" of the Father to give them the Kingdom; the one recalling the insignificance and helplessness of that then literal handful of disciples, the other holding up to their view the eternal love that encircled them, the everlasting arms that were underneath them, and the high inheritance awaiting them!--"the kingdom"; grand word; then why not "bread" (Lu 12:31 [Bengel]). Well might He say, "Fear not!"
Lik 12:33-34
33-34. Sell, &c.--This is but a more vivid expression of Mt 6:19-21 (see on Mt 6:19-21).
Lik 12:35-40
Lik 12:41-48
41-48. unto us or even to all?--us the Twelve, or all this vast audience?
Lik 12:49-53
49-53. to send--cast.
fire--"the higher spiritual element of life which Jesus came to introduce into this earth (compare Mt 3:11), with reference to its mighty effects in quickening all that is akin to it and destroying all that is opposed. To cause this element of life to take up its abode on earth, and wholly to pervade human hearts with its warmth, was the lofty destiny of the Redeemer" [Olshausen: so Calvin, Stier, Alford, &c.].
what will I, &c.--an obscure expression, uttered under deep and half-smothered emotion. In its general import all are agreed; but the nearest to the precise meaning seems to be, "And what should I have to desire if it were once already kindled?" [Bengel and Bloomfield].
Lik 12:54
Lu 12:54-59. Not Discerning the Signs of the Time.
54. to the people--"the multitude," a word of special warning to the thoughtless crowd, before dismissing them. (See on Mt 16:2, 3).
Lik 12:56
56. how ... not discern, &c.--unable to perceive what a critical period that was for the Jewish Church.
Lik 12:57
57. why even of yourselves, &c.--They might say, To do this requires more knowledge of Scripture and providence than we possess; but He sends them to their own conscience, as enough to show them who He was, and win them to immediate discipleship.
Lik 12:58
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
