Lik 11
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l' fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. 2 Jezi di yo: Lè n'ap lapriyè, men sa pou n' di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. vin tabli gouvènman ou lan. 3 Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. 4 Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon. 5 Jezi di yo ankò: Sipoze yonn nan nou ta gen yon zanmi, li al jwenn zanmi an nan mitan lannwit pou l' di li: Zanmi, prete m' twa biswit. 6 Mwen gen yon zanmi ki sot nan vwayaj ki fèk rive lakay mwen. Mwen pa gen anyen pou m' ba li. 7 Sipoze nonm lan rete anndan lakay li, li reponn li: Kite m' an repo! Pòt la gen tan fèmen akle, ni mwen ni timoun yo, nou tout kouche deja. Mwen pa kapab leve pou m' ba ou biswit yo. 8 M'ap di nou sa: Menm si li pa ta leve pou l' ba li biswit yo paske li se zanmi l', li gen pou l' leve pou l' ba li tou sa li bezwen, si zanmi an pa wont kontinye mande li. 9 Mwen menm mwen di nou: Mande, y'a ban nou, chache n'a jwenn, frape y'a louvri pou nou. 10 Paske, nenpòt moun ki mande, la resevwa; moun ki chache, la jwenn; y'a louvri pou moun k'ap frape. 11 Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l' yon pwason? 12 Osinon, èske la ba li yon èskòpyon si li mande l' yon ze? 13 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li. 14 Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a soti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch. 15 Men, gen kèk moun ki t'ap di: Se Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ki ba l' pouvwa chase move lespri yo. 16 Gen lòt ki te vle pran l' nan pèlen: yo mande l' pou l' fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l' pouvwa sa a. 17 Jezi menm te konnen sak te nan lide yo. Li di yo konsa: Yon peyi ki gen divizyon ladan l', kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt; menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt. 18 Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m' pouvwa chase move lespri yo. 19 Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò. 20 Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo; sa vle di: Pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gen tan rive sou nou. 21 Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje. 22 Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt. 23 Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye. 24 Lè yon move lespri soti nan yon nonm, li al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Si l' pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m' soti a. 25 Lè l' rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje. 26 Lè sa a, li al chache sèt lòt lespri ki pi move pase li; yo antre nan kay la, yo enstale yo. Konsa, kondisyon nonm lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. 27 Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni! 28 Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni. 29 Anpil moun t'ap vin an kantite bò kot Jezi. Li pran di yo: Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. 30 Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo. 31 Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l' te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon. 32 Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesaj la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. 33 Pa gen moun ki pou kache yon lanp nan yon kwen osinon ki pou mete l' anba yon mamit lè l' fin limen li. Okontrè, l'ap mete l' sou yon etajè pou tout moun k'ap antre ka wè limyè a. 34 Je ou se tankou yon lanp yo ye pou kò ou. Si je ou an bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou an move eta, tout kò ou nan fènwa. 35 Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa. 36 Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li. 37 Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la. 38 Farizyen an te sezi lè l' wè Jezi pa t' lave men l' anvan l' manje. 39 Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. 40 Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou. 41 Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye. 42 Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou. 43 Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik. 44 Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen. 45 Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi. 46 Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou. 47 Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye. 48 Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo. 49 Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. 50 Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè; 51 wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo. 52 Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre. 53 Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay. 54 Yo t'ap pare pèlen pou li pou pran kèk pawòl nan bouch li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Lik 11:1
Lu 11:1-13. The Disciples Taught to Pray.
1. one, &c.--struck with either the matter or the manner of our Lord's prayers.
as John, &c.--From this reference to John, it is possible that disciple had not heard the Sermon on the Mount. Nothing of John's inner teaching (to his own disciples) has been preserved to us, but we may be sure he never taught his disciples to say, "Our Father."
Lik 11:2-4
2-4. (See on Mt 6:9-13).
Lik 11:5-8
5-8. at midnight ... for a friend is come--The heat in warm countries makes evening preferable to-day for travelling; but "midnight" is everywhere a most unseasonable hour of call, and for that very reason it is here selected.
Lik 11:9-13
9-13. (See on Mt 7:7-11.)
Lik 11:14
14. dumb--blind also (Mt 12:22).
Lik 11:20
20. the finger of God--"the Spirit of God" (Mt 12:28); the former figuratively denoting the power of God, the latter the living Personal Agent in every exercise of it.
Lik 11:21-22
21-22. strong man--meaning Satan.
armed--pointing to all the subtle and varied methods by which he wields his dark power over men.
keepeth--"guardeth."
his palace--man whether viewed more largely or in individual souls--how significant of what men are to Satan!
in peace--undisturbed, secure in his possession.
Lik 11:23
23. gathereth ... scattereth--referring probably to gleaners. The meaning seems to be, Whatever in religion is disconnected from Christ comes to nothing.
Lik 11:27-28
27-28. as he spake these things, a ... woman of the company--of the multitude, the crowd. A charming little incident and profoundly instructive. With true womanly feeling, she envies the mother of such a wonderful Teacher. Well, and higher and better than she had said as much before her (Lu 1:28, 42); and our Lord is far from condemning it. He only holds up--as "blessed rather"--the hearers and keepers of God's word; in other words, the humblest real saint of God. (See on Mt 12:49, 50.) How utterly alien is this sentiment from the teaching of the Church of Rome, which would excommunicate any one of its members who dared to talk in the spirit of this glorious saying! (Also see on Mt 12:43.)
Lik 11:29-32
29-32. (See on Mt 12:39-42.)
Lik 11:33-36
33-36. (See on Mt 5:14-16; Mt 6:22, 23.) But Lu 11:36 here is peculiarly vivid, expressing what pure, beautiful, broad perceptions the clarity of the inward eye imparts.
Lik 11:38
Lu 11:37-54. Denunciation of the Pharisees.
38. marvelled, &c.--(See Mr 7:2-4).
Lik 11:39-41
39-41. cup and platter--remarkable example of our Lord's way of drawing the most striking illustrations of great truths from the most familiar objects and incidents of life.
ravening--rapacity.
Lik 11:42
42. mint ... rue, &c.--rounding on Le 27:30, which they interpreted rigidly. Our Lord purposely names the most trifling products of the earth, as examples of what they punctiliously exacted the tenth of.
judgment and the love of God--in Mt 23:25, "judgment, mercy, and faith." The reference is to Mi 6:6-8, whose third element of all acceptable religion, "walking humbly with God," comprehends both "love" and "faith." (See on Mr 12:29; Mr 12:32, 33). The same tendency to merge greater duties in less besets us still, but it is the characteristic of hypocrites.
these ought ye, &c.--There is no need for one set of duties to jostle out another; but of the greater, our Lord says, "Ye ought to have done" them; of the lesser, only "ye ought not to leave them undone."
Lik 11:43
43. uppermost seats--(See on Lu 14:7-11).
greetings--(See on Mt 23:7-10).
Lik 11:44
44. appear not, &c.--As one might unconsciously walk over a grave concealed from view, and thus contract ceremonial defilement, so the plausible exterior of the Pharisees kept people from perceiving the pollution they contracted from coming in contact with such corrupt characters. (See Psa 5:9; Ro 3:13; a different illustration from Mt 23:27).
Lik 11:46
46. burdens grievous, &c.--referring not so much to the irksomeness of the legal rites (though they were irksome, Ac 15:10), as to the heartless rigor with which they were enforced, and by men of shameless inconsistency.
Lik 11:47-48
47-48. ye build, &c.--Out of pretended respect and honor, they repaired and beautified the sepulchres of the prophets, and with whining hypocrisy said, "If we had been in the days of our fathers, we should not have been partakers with them in the blood of the prophets," while all the time they "were witnesses to themselves that they were the children of them that killed the prophets" (Mt 23:29, 30); convicting themselves daily of as exact a resemblance in spirit and character to the very classes over whose deeds they pretended to mourn, as child to parent.
Lik 11:49-51
49-51. said the wisdom, &c.--a remarkable variation of the words in Mt 23:34, "Behold I SEND." As there seems plainly an allusion to ancient warnings of what God would do with so incorrigible a people, so here Christ, stepping majestically into the place of God, so to speak, says, "Now I am going to carry all that out." Could this be other than the Lord of Israel in the flesh?
Lik 11:52
52. key of knowledge--not the key to open knowledge, but knowledge, the only key to open heaven. In Mt 23:13, they are accused of shutting heaven; here of taking away the key, which was worse. A right knowledge of God's Word is eternal life (Joh 17:3); but this they took away from the people, substituting for it their wretched traditions.
Lik 11:53-54
53-54. Exceedingly vivid and affecting. They were stung to the quick--and can we wonder?--yet had not materials for the charge they were preparing against Him.
provoke him, &c.--"to harass Him with questions."
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
